AYITIPremyeDivizyonDezyemDivizyonSeleksyonNasyonalEkspatriyeLòt
AKÈY AYITI Ekspatriye

Ekspatriye

Melchie Dumornay bay OL Lyonnes premye Koup Lig fanm nan

imaj atik la

14 mas 2026   Steve Pierre   1181

OL Lyonnes ekri non li nan listwa pandan li ranpòte premye edisyon Koup lig la bò kote medam yo, aprè yon viktwa (1-0) sou Paris Saint‑Germain nan final la. Match la te jwe nan estad Félix‑Houphouët‑Boigny, sou kontinan Afrik la.


Se entènasyonal ayisyèn nan Melchie Dumornay, anpil moun konnen sou tinon Corventina, ki te fè diferans lan pou ekip lyonèz la. Aprè yon premye mitan tan kote tou de ekip yo t ap chèche pran kontwòl jwèt la, Dumornay te parèt nan 60èm minit la pou make sèl gòl rankont lan.

Sou yon aksyon byen konstwi pa atak lyonèz la, Dumornay pwofite yon espas nan defans parizyen nan pou voye boul la nan filè, yon reyalizasyon ki finalman deside sò final la. Gòl sa a te mete OL Lyonnes devan, epi ekip la te rive jere avantaj la jouk kout siflèt final la.

Malgre presyon PSG Féminin te mete nan dènye minit yo pou eseye egalize, defans lyonèz la te rete solid pou konsève viktwa a.

Avèk siksè sa a, OL Lyonnes ranpòte premye tit li nan nouvo konpetisyon sa a, pandan Melchie Dumornay kontinye konfime enpòtans li nan ekip la. Pou zetwal ayisyèn nan, gòl desizif sa a pa sèlman pote yon nouvo twofe pou klèb li, men li kontinye fè drapo Ayiti a briye nan foutbòl fanm entènasyonal la.

KÒMANTÈ

Nouvo kòmantè

Si ou vle resevwa notifikasyon sou kòmantè sa )

TekEnfo

Solisyon pou tout sa w bezwen nan domèn enfòmatik

Plis detay

RETE ENFÒME

Pa rate nouvèl ak analiz sou foutbòl an Kreyòl gras ak nou