AYITIPremyeDivizyonDezyemDivizyonSeleksyonNasyonalEkspatriyeLòt
AKÈY AYITI Ekspatriye

Ekspatriye

Arcus Carlens mete gwo kè kase nan ran seleksyon nasyonal la

imaj atik la

14 Mas 2026   Jacky Chery   703

Kèk jou sèlman avan Sébastien Migné anonse lis jwè k ap gen pou jwe 2 pwochen match seleksyon an kont Islann ak Tinizi, Arcus Carlens ki se youn nan jwè ayisyen ki pi konsistan dènye tan sa yo blese.


Nan okazyon 28èm jounen Ligue 1 an, defansè entènasyonal ayisyen an ki se yon titilè endiskitab nan ekip Angers an blese nan match sa li t ap jwe jodi samdi an fas ekip OGC Nice lan.

Arcus Carlens te sòti nan 21èm minit pou Emmanuel Biumla te kapab ranplase l. Yon sitiyasyon ki pa san konsekans avèk Angers SCO ki pèdi lakay li 2-0 fas OGC Nice.

Daprè yon kominike Federasyon ayisyèn foutbòl pibliye jodi samdi an, Sébastien Migné ap gen pou anonse lis li an madi 17 mas k ap vini la. Si responsab FHF yo te anonse ap gen gwo sipriz, blese Arcus Carlens lan rive nan moman seleksyon an ap eseye ranfòse l ak nouvo jwè.

Defansè Angers an se youn nan jwè ayisyen ki pi regilye depi kòmansman sezon an. Nan Ligue 1 an, Grenadye an jwe 24 match, tout kòm titilè.

KÒMANTÈ

Nouvo kòmantè

Si ou vle resevwa notifikasyon sou kòmantè sa )

TekEnfo

Solisyon pou tout sa w bezwen nan domèn enfòmatik

Plis detay

RETE ENFÒME

Pa rate nouvèl ak analiz sou foutbòl an Kreyòl gras ak nou