Nan kad match avanse 12èm jounen Saudi Professionnal League la, Cristiano Ronaldo ak Al-Nassr te fè deplasman pou afwonte ekip Al-Ettifaq la nan Stade Prince Mohamed bin Fahd lan. CR7 ki sot fini meyè jwè mwayen oryan an, wè Wijnaldum anpeche yo sòti ak viktwa a e konnen premye echèk yo sou 11 match yo jwe nan SPL la.

Aprè plizyè rankont kote Al Nassr t ap mache fè viktwa nan chanpyona Arabi a, jodi a ansyen jwè Liverpool la Wijnaldum fini ak koze sa, pandan li pase lidè yo 2 ti grenn gòl ki lakoz yo pèdi 2 pwen nan kous pou tit la.
Pou te kapab mete nan kouri CR7 ak koyekipye yo, 16èm minit, wolandè a te oblije voye pòtye Al Nassr a nan filè e bay avantaj ak Al-Ettifaq pou yon bon tan. Men nan dezyèm peryòd la, youn nan meyè bitè ekip la pou sezon an di sa p ap pase konsa lè li mete 2 ekip yo egal (1-1, 47èm). Pou rann tach la konplike, Félix mete yon frap ki frape nan kò Cristiano 67èm, pou mete jòn yo devan. Men G. Wijnaldum reponn nan 80èm minit pou anpeche Al Nassr sòti ak 3 pwen an.
Aprè fo pa sa, klèb solèy la konnen premye dewout li nan chanpyona pou sezon an aprè 11 match jwe. Avèk grenn pwen sa, klèb la konte 31 pwen nan klasman chanpyona a e rete lidè jiska prezan. Tout fwa Al Hilal ta fè viktwa kont advèsè pa l la, yo ap tounen pran dezyèm plas lan ak 29 pwen. Al Nassr ki pa fè 3 pwen an, fè premye match nil li nan Saudi Pro League la pou sezon an.
Pa rate nouvèl ak analiz sou foutbòl an Kreyòl gras ak nou