Al Hilal Riyadh ak Al Khaleej Saihat jwe yon match nan Kingdom Arena, pou avanse ak 11èm tou Lig Pwofesyonèl Arabi Sawoudit la. E nan rankont sila, ble yo sòti ak 3 pwen an malgre tout pè ekip la te pwovoke lakay yo.
Nan lane 2014, klèb Al Hilal la te afwonte ekip Khaleej la pou premye fwa nan chanpyona Arabi Sawoudit la. Lè sa, ble yo te fè viktwa kont yon ekip ki te vin tounen yon timoun pou kale chak fwa li vinn eseye bare chimen an. Sou 13 rankont nan SPL la, Al Hilal ranpòte dyèl sa 12 fwa pou yon sèl defèt kont ekip Saihat lan. Moman tout rankont sa yo, Al Hilal fè 41 gòl alòske Khaleej jwenn wout kan 7 fwa sèlman. Donk avantaj la nan men ble yo ki sot fè viktwa (3-2) kont yo.
Pou match sa, Al Hilal te gen Mohamed Kanno 18èm, S. Milinković-Savić 39èm ak Malcom 57èm ki te make pou montre siperyorite yo fas klèb la. Men nan dènye moman rankont lan, King 79èm e Giorgos Masouras 84èm, te mete klèb Riyad la nan kouri aprè 2 gòl yo make pou mete match la (3-2). Men malgre absans Kalidou Koulibaly, defans lan te reziste pou anpeche advèsè yo jwenn egalizasyon an malgre presyon yo tap mete.
Al Khaleej kote pa l, premye e dènye fwa li te bat Al Hilal, se te 23 novanm 2024. Lè sa ble yo te tonbe (3-2) menm jan yo sot sibi defèt sa. Pwochèn fwa Malcom ak koyekipye li yo ap gen pou defye klèb sila nan kad SPL lan, se ap 4 avril 2026 pou fè referans ak 28 jounen chanpyona Arabi Sawoudit la.
Pa rate nouvèl ak analiz sou foutbòl an Kreyòl gras ak nou