Aprè plizyè jou kanpe, chanpyona Arabi Sawoudit la tounen pou kontinye avanse ak chanpyona a. Nan match ouvèti 11èm jounen Saudi Professionnal League la, klèb Al Ahli an glise an deplasman lakay klèb Al-Fateh a (2-1).
Aprè plizyè jou kanpe, chanpyona Arabi Sawoudit la tounen pou kontinye avanse ak chanpyona a. Nan match ouvèti 11èm jounen Saudi Professionnal League la, klèb Al Ahli an glise an deplasman lakay klèb Al-Fateh a (2-1).
Avan rankont jounen sa, klèb Al-Fateh a te rete sou 5 rankont ak yon viktwa sèlman. Men jodi a, fas youn nan meyè eleman ki ap evolye nan chanpyona Arabi a, Al Namothji yo anrejistre 2èm viktwa yo aprè 10 jounen.
Pou te demare pati a, Al-Ahli te jwenn wout kan nan 22èm minit, lè fransè a Valentin Atangana swiv yon balon nan kare advès la e mete l nan filè a pou sone premye klòch la.
San kite premye pati a fini, Al-Fateh reyaji ak ajanten an Matias Vargas ki te lage yon bèl frap nan 43èm minit. Mechan chout sa ki te pran wout kan an al fini kous li nan filè a paske gadyen vèt e blan yo pa t kapab kanpe l. Premye peryòd la fini (1-1).
Nan dezyèm peryòd la, nan 47èm minit, menm Vargas sa bay avantaj lan ak klèb li sou yon konè mawoken an Mourad Batna te balanse nan sifas la. Men sa te sòti pou l pa rete la, pou kontinye ak presyon an, Al Namothji yo te frape pou yon twazyèm fwa. Malerezman gòl la pa t valide poutèt òje, Ibanez li menm rate okazyon pou te pèmèt Al-Ahli jwenn egalizasyon an nan tan adisyonèl.
Akoz defèt sa nan 10èm match yo pou sezon an nan SPL la, Al-Ahli ret bloke ak 19 pwen nan 4èm plas klasman an aprè echèk sa. Men ekip la ki tounen nan konpetisyon pa t gen prezans Riyad Mahrez ak Franck Kessié ki ap defann Koup Afrik nasyon ak peyi yo.
Pa rate nouvèl ak analiz sou foutbòl an Kreyòl gras ak nou