ANGLETÈPremierLeagueChampionshipFACupLòt
AKÈY ANGLETÈ PremierLeague

PremierLeague

Yon klèb nan Premier League la refize fè yon jwèl jwe pou yon rezon dwòl

imaj atik la

16 janvye 2026   Benswilkenson Jean   836

Nan Premier League la Aston Villa ap fè jèn jwè anglè a Harvey Elliot pase yon mizè akoz yon obligasyon ki gen nan kontra jwè a. Aston Villa dwe achte jwè a definitivman si tout fwa Elliot jwe 10 match avèk yo, rezon ki koz Elliot pa janm jwe depi kèk mwa


Harvey Elliot se yon jèn mitan tèren ki gen nasyonalite anglè, li gen 22 lane. Liverpool prete Aston Villa jwè a depi kòmansman sezon 2025-2026 la pou jis fen sezon an.

Nan kontra jèn jwè a gen yon obligasyon depi li jwe 10 match ak Aston Villa, yo ap nan obligasyon pou tou achte l. Montan transfè sa a ap koute 35 milyon ewo. Depi aprè siyati a, direksyon klèv The Villan's yo pa satisfè pou pèfòmans jwè a.

Unai Emery ki se antrenè ekip la deside mete jwè a sou kote. Direksyon an ak antrenè a ap fè tout sak depann de yo pou pa kite jwè a jwe 10 match la yon fason pou yo pa achte jwè a.

Depi siyati Harvey Elliot nan klèb sa a, li jwe sèlman 5 match pou ekip Aston Villa a depi kòmansman sezon an. Dènye match li se te nan mwa oktòb la nan Europa League la kont ekip Feyenoord la. Depi aprè match sa a Harvey Elliot poko janm pile tèren pou ekip Aston Villa a.

KÒMANTÈ

Nouvo kòmantè

Si ou vle resevwa notifikasyon sou kòmantè sa )

TekEnfo

Solisyon pou tout sa w bezwen nan domèn enfòmatik

Plis detay

RETE ENFÒME

Pa rate nouvèl ak analiz sou foutbòl an Kreyòl gras ak nou