Foutbòl Ayisyen an ap viv yon moman kote deplasman konn tounen yon gwo tèt chaje pou kèk klèb, Violette ap suiv yon chimen ki diferan. Pandan yo nan CONCACAF Caribbean Cup 2026 la, « Vieux Tigre » yo deja rive Sirinam pou prepare pwochen randevou li, mèkredi 9 septanm, kont SV Broki, yon deplasman ki montre regilarite klèb la nan jesyon dosye vwayaj li yo.
Violette deja poze valiz li nan peyi Sirinam, kote ekip la pral kontinye avanti li nan konpetisyon entènasyonal sa. Jwè ayisyen yo ki rive sou tè Sirinam pa sèlman yon kesyon de prezans fizik, li montre travay ki fèt pou pèmèt yon ekip rive nan destinasyon li epi konsantre sou objektif espòtif li.
Nan dènye lane yo, kesyon vwayaj la vin youn nan defi ki pi sansib pou klèb ayisyen yo. Pwoblèm finansye, dokiman vwayaj, viza, transpò oswa reta nan preparasyon yo konn konplike patisipasyon kèk ekip. Gen kèk ka kote klèb ki te jwenn dwa pou reprezante peyi a pa rive prezante tèt yo nan konpetisyon yo te kalifye pou yo jwe.
Violette li menm, montre yon sèten kontinyite sou plan sa. Chak fwa li jwenn yon randevou entènasyonal, klèb la rive mete deplasman an sou bon ray epi prezante ekip li a kote konpetisyon an ap dewoule.
Se yon aspè ki merite plis konsiderasyon, paske reprezante Ayiti aletranje mande yon estrikti ki kapab fonksyone pi lwen pase 90 minit yon match. Ant preparasyon ekip la ak aranjman pou vwayaj la, chak detay kapab gen konsekans sou pèfòmans final la.
Pou Violette, kapasite sa vin tounen yon avantaj anplis. Lè jwè yo rive nan destinasyon an san gwo dezòd, antrenè a kapab konsantre sou plan match yo, pandan klèb la kapab konsantre sou objektif li nan konpetisyon an.
Kontrèman ak klèb ki konn wè patisipasyon entènasyonal yo vin bloke nan etap preparasyon an, Violette ap fè jefò pou prezans li aletranje rete yon reyalite.
Nan yon anviwònman kote òganizasyon kapab fè diferans lan menm anvan match la kòmanse, Violette sanble konprann enpòtans pou genyen batay administratif la anvan li al chèche viktwa sou teren an.
Kounye a, aprè li fin rive Sirinam, se pèfòmans li sou tèren an ki pral pale. Yon bagay deja klè pou Violette, vwayaj la pa dwe vin yon baryè sou wout objektif espòtif la.
Pa rate nouvèl ak analiz sou foutbòl an Kreyòl gras ak nou