Chelsea Ariane Surpris ap travay pou l retounen nan seleksyon nasyonal fanm Ayiti a, pandan defansè 29 lane an ap kontinye fè karyè li ak SC Sand nan dezyèm divizyon foutbòl Almay la.
Surpris, ki deja pase nan foutbòl nan peyi Etazini, an Frans ak nan zile Chip, ap chèche sèvi ak eksperyans li epi fòm li genyen kounye a pou l konvenk estaf teknik Grenadye yo ba li yon nouvo opòtinite.
Nan yon entèvyou li bay Le Nouvelliste, Surpris fè konnen li santi li byen pandan preparasyon sezon an ak SC Sand epi li rete konsantre sou pwogrè li nan klèb la. Men, retounen nan seleksyon Ayiti a rete youn nan pi gwo objektif li.
« Ekip nasyonal la manke m anpil », se sa li deklare, daprè Le Nouvelliste ki te gen ti bat bouch sa avèk li. Li ajoute li kontinye travay di avèk espwa pèfòmans li yo ap pèmèt li jwenn yon konvokasyon ankò.
Surpris di li te kontakte FHF la
Defansè 29 lane a fè konnen li deja pran kontak ak plizyè responsab Federasyon Ayisyèn Foutbòl (FHF) pou fè yo konnen li vle retounen nan seleksyon an.
Daprè deklarasyon li bay Le Nouvelliste, li te pale ak prezidan federasyon an, Madam Monique André, kèk manm ekip li, direktè operasyon yo nan FHF la, ansanm ak youn nan nouvo antrenè estaf Pia Sundhage la.
Malgre demach sa yo, Surpris pa t jwenn plas li nan dènye lis Grenadyè yo. Daprè sa l di, sitiyasyon an te desevwa l, sitou paske li te konprann yon mesaj li te resevwa nan men youn nan antrenè yo te kapab mennen nan yon konvokasyon.
Men li pa mande pou yo konsidere l sèlman akoz eksperyans li te genyen deja ak seleksyon an.
« Mwen pa mande pou yo chwazi m sèlman akoz pase mwen nan ekip nasyonal la », sa li rapouswiv pou di, toujou daprè Le Nouvelliste. Li vle, selon pwòp deklarasyon li, pou yo evalye l sou kondisyon fizik li, pèfòmans li, eksperyans li ak nivo li montre kounye a.
Yon nouvo etap nan peyi Almay
Surpris ap antre nan yon nouvo sezon ak SC Sand, yon ekip ki te fini twazyèm nan dezyèm divizyon Almay la pandan sezon 2025-2026 la ak 53 pwen.
VfB Stuttgart ak FSV Mainz 05 te fini devan SC Sand epi yo te jwenn pwomosyon pou monte nan premye divizyon an.
Pou Surpris, objektif la pa sèlman pou l ede ekip li a fè yon bon sezon. Li vle tou sèvi ak konpetisyon an pou l kontinye devlope epi pwoche pi pre yon monte nan premye divizyon alman an.
« Mwen konnen mwen gen potansyèl ak kalite yo », sa li di, daprè deklarasyon Le Nouvelliste rapòte.
Yon posib retou nan yon moman enpòtan
Seleksyon Ayiti a ap gen gwo defi devan li nan mwa novanm lan, kote Grenadye yo gen pou yo rankontre Meksik nan kad konpetisyon fanm CONCACAF la.
Konpetisyon sa gen enpòtans doub pou ekip yo, paske li konekte ak kalifikasyon pou Koup Dimond fanm 2027 la nan Brezil ak Jwèt Olenmpik 2028 yo nan peyi Etazini.
Pou kounye a, pa gen okenn garanti sou retou Surpris nan seleksyon an. Desizyon final la ap depann de chwa estaf teknik la ak nivo jwè a kontinye montre nan klèb li. Toutfwa, jwez lan kontinye rete motive pou pote koulè ekip nasyonal la yon lòt fwa ankò.
Pa rate nouvèl ak analiz sou foutbòl an Kreyòl gras ak nou