UEFAChampionsLeagueEuroEuropaLeagueLòt
AKÈY UEFA Lòt

Lòt

Pami 5 gran chanpyona yo kiyès ki depanse plis kòb pandan mèkato sa?

imaj atik la

02 septanm 2026   Benswilkenson Jean   672

Chak dat mache transfè yo ouvè se moman pou klèb yo ranfòse yo. Nan 5 pi gwo chanpyona mond lan kous la toujou rèd anpil. Depi kèk lane Angletè se chanpyona ki toujou depanse plis nan mache transfè yo.


Chak klèb toujou ap chache pi bon jwè yo pou ranfòse ekip yo nan peryòd mache transfè a. Nan 5 gran chanpyona yo monte desann nan mache a te cho pandan mèkato sa. Pou sezon sa, Manchester City se ekip ki depanse plis kòb nan achte jwè.

Cityzens yo ki konnen anpil mouvman pandan sezon sa, depanse 526 milyon ewo nan achte jwè. Pami yo gen 3 yo peye yo anviwon 100 milyon ewo. Sa ki fè Manchester City se ekip ki depanse plis lajan pandan mache transfè a.

Nan 10 klèb ki depanse plis lajan pandan ete sa gen 8 klèb anglè ladan l, Real Madrid vini 8èm, epi Barcelone se 10èm lan. Sa ki montee klèb Premier League la se chanpyona ki depanse plis nan mèkato sa.

Klasman top 5 chanpyona ki plis depanse:

-Premier League depanse ant 3.7 ak 4 milya ewo

-SerieA depanse 1.16 milya ewo

-Bundesliga 779 milyon ewo

-Liga 773 milyon ewo

-Ligue1 590 milyon ewo.

KÒMANTÈ

Nouvo kòmantè

Si ou vle resevwa notifikasyon sou kòmantè sa )