AYITIPremyeDivizyonDezyemDivizyonSeleksyonNasyonalEkspatriyeLòt
AKÈY AYITI Ekspatriye

Ekspatriye

Derrick Etienne Jr. evite yon defèt pou Toronto nan fen match

imaj atik la

6 septanm 2026   Gamarck Antoine   741

Derrick Etienne Jr. te fè yon antre desizif pou Toronto FC, samdi swa. Li te sou ban nan kòmansman rankont lan, entènasyonal ayisyen an antre nan 79èm minit anvan li make nan tan adisyonèl pou pèmèt ekip kanadyen an jwenn yon match nil 4-4 kont Chicago Fire, nan kad 24èm jounen Major League Soccer la.


Toronto te angaje nan yon match ki te vire nan yon veritab batay ofansif, ak 8 gòl ki make pandan rankont lan. Etienne Jr., ki pa t fè pati onz jwè ki te kòmanse rankont lan, te oblije tann dènye pati match la pou l antre sou teren an.

Grenadye a te rantre nan 79èm minit, nan yon moman kote Toronto te bezwen plis prezans nan faz ofansif yo. Ayisyen an pa t pèdi tan pou l mete enpak li sou rankont lan. Nan 90+2 , li jwenn chimen gòl la pou l retabli egalite a epi evite Toronto kite teren an san okenn pwen.

Gòl sa pran tout sans li nan kontèks match la. Toronto te rive nan dènye moman yo anba presyon, men Etienne Jr. jwenn resous pou l mete ekip li tounen nan kous la. Nan sèlman kèk minit sou teren an, entènasyonal ayisyen an vin youn nan jwè ki make match la plis.

Pou Toronto FC, match nil sa pèmèt ekip la pran yon pwen nan yon rankont ki t ap glise nan men li. Pou Etienne Jr., li konfime yon fwa ankò kapasite li genyen pou l pote solisyon menm lè li pa kòmanse yon match.

KÒMANTÈ

Nouvo kòmantè

Si ou vle resevwa notifikasyon sou kòmantè sa )