AYITIPremyeDivizyonDezyemDivizyonSeleksyonNasyonalEkspatriyeLòt
AKÈY AYITI Ekspatriye

Ekspatriye

Stephane Lambèse rejwenn yon nouvo defi

imaj atik la

2 septanb 2026   Neuvième Junior   1248

Aprè plizyè mwa kote avni li te rete ensèten, entènasyonal ayisyen an Stéphane Lambèse jwenn yon nouvo pwen depa nan karyè li. Lateral dwat Grenadye a fèk angaje l ak La Berrichonne de Châteauroux, yon klèb fransè ki ap evolye nan National.


Aprè plizyè mwa kote avni li te rete ensèten, entènasyonal ayisyen an Stéphane Lambèse jwenn yon nouvo pwen depa nan karyè li.
Lateral dwat Grenadye a fèk angaje l ak La Berrichonne de Châteauroux, yon klèb fransè ki ap evolye nan National.

Nouvo kontra sa vini aprè Lambèse te pase sezon 2025-2026 la, anba koulè FC Fleury 91, kote li te patisipe nan 22 match chanpyona.

Yon retou nan yon anviwònman li konnen

Pou Lambèse, retounen nan yon klèb fransè pa yon bagay etranj. Li te deja fè pi fò nan karyè l an Frans, avèk plizyè eksperyans nan PSG, Blois, Lorient, Laval, Orléans ak Quevilly-Rouen.

Li te menm kòmanse fòmasyon li nan Paris Saint-Germain, kote li te pase plizyè lane nan kategori jèn yo epi l te vin pran eksperyans ak ekip rezèv la.
Aprè pasaj li nan Bilgari ak Lokomotiv Sofia, li te retounen an Frans nan lane 2025 pou l te jwe ak Fleury. Kounye a, nouvo defi a rele Châteauroux.

Lambèse, yon lateral ki konn batay

Stéphane Lambèse se yon jwè ki kapab pote eksperyans, entansite ak disiplin sou bò dwat defans lan.
Li se yon lateral ki renmen monte pou ede ekip li nan faz ofansif yo. Men eksperyans li nan diferan nivo foutbòl fransè yo, pèmèt li konprann tou enpòtans travay defansif la.

Nan sezon 2025-2026 la ak Fleury, li te jwe 22 match nan chanpyona, pou plis pase 1,100 minit sou teren an.Sa montre malgre laj li ap avanse, Lambèse toujou kapab bay yon ekip estabilite sou bò dwat la.

Pou seleksyon Ayiti a !

Se la transfè sa vin pi enteresan pou foutbòl ayisyen an. Lambèse se yon jwè ki gen eksperyans entènasyonal ak Ayiti. Li te fè premye match li ak Grenadye yo nan lane 2015 epi l te fè pati ekip Ayiti ki te patisipe nan Copa América Centenario 2016 la.

Avèk nouvo defi sa a nan Châteauroux, li gen yon opòtinite pou l rete konpetitif, jwenn plis rit epi kontinye mete eksperyans li nan sèvis seleksyon nasyonal la. Pou yon ekip Ayiti k ap chèche bati yon gwoup solid ak jwè ki gen eksperyans nan foutbòl Ewopeyen an, prezans Lambèse rete yon avantaj.

Chateauroux: Yon nouvo defi, yon nouvo misyon

Châteauroux pa sèlman yon nouvo depa pou Lambèse. Se yon chans pou entènasyonal ayisyen an relanse tèt li nan foutbòl fransè a.
Ak 30 lane, eksperyans li kapab vin youn nan pi gwo fòs li. Li konnen foutbòl fransè a, li konnen presyon konpetisyon an, e li deja pase nan plizyè vestyè enpòtan.
Kounye a, misyon an klè: jwenn plas li nan ekip la, ede Châteauroux, epi kontinye pwouve li toujou gen anpil bagay pou l bay.

KÒMANTÈ

Nouvo kòmantè

Si ou vle resevwa notifikasyon sou kòmantè sa )