Lapolis fransè arete yon jèn gason ki gen 18 lane, yo rele Clément L., nan yon dosye ki fè anpil bri nan peyi Lafrans. Daprè ankèt la, jèn sa ta enplike nan yon seri agresyon ak pwojè kidnaping ki te vize plizyè moun rich, pami yo vedèt foutbòl fransè a, Kylian Mbappé.
Selon enfòmasyon ki disponib yo, Clément L. te deja nan prizon pou lòt zak li te komèt lè lapolis dekouvri nouvo aktivite li yo. Menm pandan li te dèyè bawo yo, li ta kontinye kominike ak lòt moun atravè aplikasyon ki rele Snapchat la, kote li te itilize non "Lester Z". Anketè yo kwè li t ap bay enstriksyon bay konplis li yo pou prepare operasyon yo.
Ant 11 avril ak 19 dawout 2026 la, plizyè kidnaping ta fèt oswa ta planifye nan kèk vil tankou Neuilly-sur-Seine, Saint-Brice-sous-Forêt ak Santenay. Lapolis sispèk jèn gason an te jwe yon wòl enpòtan nan òganizasyon aksyon sa yo.
Pandan ankèt la, otorite yo jwenn yon lis ki te gen non 26 moun rich oswa enfliyan ki ta ka tounen sib. Sou lis sa te gen yon gwo komèsan chinwa, plizyè bijoutye, yon rapè, yon antreprenè ki gen gwo mwayen ekonomik, ansanm ak adrès kay Kylian Mbappé. Dekouvèt sa a te fè ankèt la pran yon lòt dimansyon.
Dosye jidisyè Clément L. montre li te deja kondane de (2) fwa pou zafè dwòg ak yon fwa pou yon vòl ak vyolans. Lè jij yo tande li, li deklare li pa t moun ki t ap dirije operasyon yo, men sèlman yon entèmedyè ki t ap fè lyen ant diferan moun.
Jodi mèkredi 2 septanm nan, jèn gason an te parèt devan chanm enstriksyon tribinal la. Aprè yo fin tande dosye a, jij yo deside kenbe l nan prizon pandan ankèt la ap kontinye.
Pou kounye a, ankèt la poko etabli avèk presizyon si yon kidnaping kont Kylian Mbappé te prèt pou fèt touswit. Men, prezans non ak adrès jwè a sou lis sib yo fè otorite fransè yo konsidere menas la kòm yon kesyon ki trè serye. Ankèt la ap kontinye pou idantifye tout moun ki ta enplike nan rezo sa.
Pa rate nouvèl ak analiz sou foutbòl an Kreyòl gras ak nou