Nan 5èm jounen an, Bodrum FK fè yon echèk 0-0 lakay li kont Esenler Erokspor, sa ki vin bay Ruben Providence dezyèm match nil konsekitif li ak klèb la pandan l apèn rejwenn ekip la. Poutan klèb la ki te deja fè 2 nil avan sinyati grenadye a, rete sou 4èm match nil konsekitif li nan chanpyona a.

Pou 5èm match sa, klèb Bodrum lan te retwouve l devan piblik li ak yon sèl objektif, fè premye viktwa yo nan konpetisyon an e pwogrese nan klasman an. Malerezman pou yo, ekip la ki konnen yon defèt depi nan premye jounen an pako ka lanse sezon jiska prezan.
Pou Ruben Providence
Entènasyonal ayisyen an ki apèn ateri nan peyi Tiki, te antre nan ekip la pou ede yo fè plis sou plan ofansif. Grenadye a ki pa t demare rankont lan pou dezyèm match li nan chanpyona a, te antre nan kòmansman dezyèm mitan an, aprè l te ranplase Boran Başkən. Kèk minit aprè, nan 49èm minit, Li te resevwa yon katon jòn nan match la akoz yon fot li te fè.
Aprè match sa, Bodrum FK ak 4 pwen nan klasman an, pandan ekip la poko konnen viktwa aprè senk jounen. Li enpòtan tou pou n note, twa dènye match Bodrum yo fini 0-0, yon siy ki montre ekip la solid dèyè men li gen difikilte pou l fè diferans devan gòl la.
Ruben Providence ki pako demare kòm titilè kòmanse pran plas li nan nouvo ekip la. Aprè yon premye aparisyon kont Manisa, kote Bodrum te fè 0-0, li jwenn plis tan sou tèren an nan dezyèm mitan kont Erokspor. Pou yon jwè ki fèk rive nan klèb la, pwochen etap la se jwenn plis minit epi pote plis danje nan faz ofansif yo pou ede klèb la.
Pa rate nouvèl ak analiz sou foutbòl an Kreyòl gras ak nou