AYITIPremyeDivizyonDezyemDivizyonSeleksyonNasyonalEkspatriyeLòt
AKÈY AYITI Ekspatriye

Ekspatriye

Yon kòmansman sezon boulèt kanno pou Melchie Dumornay

imaj atik la

4 Septanm 2026   Jacky Chéry   1036

Sezon yo ap pase, men yo sanble youn ak lòt pou Melchie Dumornay ki kontinye ap briye sou sèn entènasyonal la. Pou premye jounen Arkema Première Ligue la, pepit ayisyèn lan reyalize yon triple avèk OL Lyonnes.


Fas FC Fleury jodi vandredi an pou premye match sezon an nan Arkema Première Ligue lan, Fenòt yo fè yon viktwa san pitye 7-1. Melchie Dumornay se te prensipal vedèt lan avèk triple sa l enskri pou premye fwa sou koulè OL Lyonnes lan.

Atakan entènasyonal ayisyèn lan, ki te titilè nan sistèm 3-4-3 Jonatan Giráldez te mete anplas la, t ap jwe kòm milye ofansif goch, bò kote Jules Brand ki te okipe koulwa a. Yon konbinezon ki te pote rezilta paske atakant alman an fini match la avèk twa pas desizif.

Menmsi Melchie te kite match la nan 63èm minit akoz yon tibobo, pèfomans li an kont FC Fleury an montre enpòtans li nan ekip OL Lyonnes lan ki jeneralman toujou reponn prezan lè ekip la nan bezwen l.

N ap note, nan ekip anfas la, FC Fleury, Kethna Louis te titille, alòske Lourdjina Étienne nan bò pa l te rete sou ban. Avèk rezilta sa, OL Lyonnes pwouve dominasyon l sou foutbòl fransè an.

KÒMANTÈ

Nouvo kòmantè

Si ou vle resevwa notifikasyon sou kòmantè sa )