AYITIPremyeDivizyonDezyemDivizyonSeleksyonNasyonalEkspatriyeLòt
AKÈY AYITI Ekspatriye

Ekspatriye

Jean-Kévin Duverne ak Omonia rate Sipèkoup Chip la

imaj atik la

03 septanb 2026   Neuvième Junior   1799

Jean-Kévin Duverne ak Omonia Nicosie pa rive ranpòte Sipèkoup Chip la aprè yo fin pèdi 1-0 devan Pafos FC nan final la. Sèl gòl match lan, te vini nan 74èm minit, lè Lelê te jwenn chimen gòl la. Konsa klèb entènasyonal ayisyen an rate yon tit ki pou te ogmante konfyans yo pou sezon an.

Pou final sa, Duverne te titilè nan defans Omonia a, ansanm ak Senou Coulibaly ak Stefan Simić. Defansè ayisyen an ki jwe tout match la, te resevwa yon katon jòn nan 76èm minit, sèlman kèk minit aprè Pafos te pran avantaj la (1-0).

Yon premye final ki fini ak desepsyon

Pou Duverne ki fèk rantre nan Omonia Nicosie nan ete 2026 la, final sa te reprezante yon premye opòtinite pou mete yon twofe nan nouvo avanti li nan peyi Chip. Malerezman pou grenadye a, li pa genyen Sipèkoup la, men prezans li kòm titilè montre l deja gen konfyans antrenè a paske l rive gen yon plas enpòtan nan plan ekip la.

Aprè echèk sa, grenadye a ak klèb Omonia gen pou konsantre yo sou chanpyona pandan y ap prepare yo pou konpetisyon ewopeyen an.

KÒMANTÈ

Nouvo kòmantè

Si ou vle resevwa notifikasyon sou kòmantè sa )