Carlens Arcus pote koulè Ayiti byen wo nan Ligue 1 an, men jefò Grenadye a pa t sifi pou anpeche Angers SCO tonbe 2-1 devan Stade Rennais, dimanch sa, nan kad 3èm jounen chanpyona Lafrans lan.
Sou tèren Stade Raymond-Kopa a, Angers fè yon fo pa, Rennes te louvri eskò a depi 9èm minit atravè Przemysław Frankowski, anvan Jordan Lefort te make kont pwòp kan li nan 17èm minit pou mete ekip vizitè a devan 2-0.
Carlens Arcus te pran responsabilite l. Defansè ayisyen an, ki te kòmanse match la kòm titilè, te pwofite pas Branco van den Boomen pou l mete tèt li sou boul la epi voye l nan fon filè a nan 35èm minit. Gòl sa a te pèmèt Angers diminye diferans lan epi retounen nan batay la.
Pou Arcus, se yon moman enpòtan pèsonèlman. Gòl sa make premye reyalizasyon li nan Ligue 1 avèk Angers. Anplis gòl la, estatistik match la montre Grenadye a te genyen 5 sou 7 dyèl, li te genyen 2 sou 2 duel ayeryen.
Angers te eseye mete plis presyon aprè poz la pou jwenn egalizasyon an. Men, defans Rennes la te kenbe fèm, pandan yon tèt Usman Simbakoli te frape nan ba transvèsal la nan fen match la. Finalman, ekip angevin an pa t rive jwenn dezyèm gòl la.
Malgre defèt la, pèfòmans Carlens Arcus la rete youn nan pwen pozitif pou Angers. Grenadye a montre li gen kapasite tou pou li pote kontribisyon li nan faz ofansif la, menm lè ekip li a ap viv yon moman difisil.
Pa rate nouvèl ak analiz sou foutbòl an Kreyòl gras ak nou