AYITIPremyeDivizyonDezyemDivizyonSeleksyonNasyonalEkspatriyeLòt
AKÈY AYITI Ekspatriye

Ekspatriye

Lateral ayisyen an ki blese kapab absan pou plizyè semèn

imaj atik la

1 septanb 2026   Neuvième Junior   1647

Wilguens Paugain, entènasyonal ayisyen an k ap evolye nan Zulte Waregem nan Jupiler Pro League Bèljik la, ap fè fas ak yon nouvo moman difisil aprè yon blese ki mete l deyò tèren an.


Wilguens Paugain, entènasyonal ayisyen an k ap evolye nan Zulte Waregem nan Jupiler Pro League Bèljik la, ap fè fas ak yon nouvo moman difisil aprè yon blese ki mete l deyò tèren an.

Selon dènye enfòmasyon yo, Paugain ta blese depi 27 dawout 2026. Pou moman an, detay egzak sou kalite blesi a poko kominike piblikman. Sepandan, kèk done medikal ak espòtif fè konnen, absans lan ka pwolonje jiska anviwon kòmansman novanm, sa ki ta reprezante plizyè semèn san konpetisyon.

Yon kòmansman sezon enteresan pou Paugain

Pou sezon sa, Paugain te kòmanse sezon 2026-27 la kòm youn nan eleman enpòtan nan ekip Zulte Waregem lan. Li te jwe 89 minit kont Genk nan premye jounen an, anvan li te tounen jwe 71 minit kont Union Saint-Gilloise nan dezyèm jounen an.

Se poutèt sa, absans li kapab yon kou pou Zulte Waregem, sitou lè ekip la bezwen pwofondè nan pozisyon lateral dwat la, grenadye a toujou jwenn mwayen pou pote danje nan kan advèsè yo.

Enkyetid pou seleksyon nasyonal la

Pou ekip nasyonal Ayiti a, sitiyasyon an merite siveyans. Paugain se yon lateral dwat ki te fè pati gwoup Grenadye yo nan gwo sèn entènasyonal la pou Mondyal 2026 lan. Aprè yon long batay pou rive nan nivo pwofesyonèl la, yon nouvo blesi vin tounen yon lòt obstak pou jwè a.

Men istwa Paugain deja montre kapasite l genyen pou retounen pi fò. Paske, nan kòmansman karyè l, li te sibi yon blesi grav ki te fòse l pase anviwon 8 mwa lwen teren yo. Aprè, li te retounen rebati karyè li etap pa etap pou li rive jwe nan peyi Chip, Letoni, Otrich ak Bèljik.

Pou kounye a, pi gwo priyorite a se sante jwè a ak yon bon pwosesis rekiperasyon. Konsa, jwè a ap gen kapasite pou reprann plas li nan klèb la e chache konvenk nouvo seleksyonè Ayiti a.

KÒMANTÈ

Nouvo kòmantè

Si ou vle resevwa notifikasyon sou kòmantè sa )