Jèn defansè espanyòl la Raul Asencio koupab devan lajistis akoz li t ap kondi tou sou.
Jwè a ki deja gen demele ak lajistis sou zafè asosyasyon vyòl kounya tonbe anba sanksyon lajistis akoz yo jwenn li t ap kondi ak yon kantite alkòl ki depase limit. Daprè jounal espanyòl Canarias7, jwè a te sou volan yon Porches lè lapolis te kanpe l epi kontwole to alkòl li.
Yo te jwenn li ak yon kantite 0.90 mg/l pandan se 0.25 mg/l ki otorize. Dosye sa te devan lajistis depi 16 dawout. Finalman sanksyon yo tonbe pou Asencio.
Jèn espanyòl la pral peye 14 400 ewo kòm amand anplis yo sezi pèmi kondui l pou 8 mwa.
Pa rate nouvèl ak analiz sou foutbòl an Kreyòl gras ak nou