AYITIPremyeDivizyonDezyemDivizyonSeleksyonNasyonalEkspatriyeLòt
AKÈY AYITI Ekspatriye

Ekspatriye

Alexandre Pierre ap konnen yon move kòmansman sezon ak ekip Sochaux a

imaj atik la

2 septanm 2026   Steve Pierre   1417

Kòmansman sezon 2026-2027 la p ap dewoule jan anpil moun te espere pou gadyen ayisyen an Alexandre Pierre. Aprè kat (4) premye match FC Sochaux-Montbéliard yo nan Ligue 2 a, entènasyonal ayisyen an poko ka jwenn plas li kòm titilè jan sa te ye sezon pase a, pandan se Mehdi Jeannin ki kontinye titilè.


Desizyon an vin fè anpil sipòtè sezi lè yo sonje gwo sezon Alexandre te fè nan peryòd 2025-2026 la. Gadyen an te jwe 26 match nan Chanpyona National la (twazyèm divizyon fransè), kote li te etabli tèt li kòm premye chwa ekip la aprè Mathieu Patouillet te kite ekip la. Pèfòmans li yo te ede Sochaux fini twazyèm nan klasman an epi valide retou li nan Ligue 2 a.

Sezon pase a te gen yon siyifikasyon espesyal tou pou Ayiti. Alexandre Pierre te pami jwè ki te kontribye nan kalifikasyon istorik Grenadye yo pou Koup Dimond 2026 la. Kèk semèn aprè eksplwa sa, direksyon Sochaux te montre konfyans li nan gadyen an lè li te pwolonje kontra li jiska mwa jen 2028.

Malgre tout sa, kòmansman nouvo sezon an pran yon lòt direksyon. Pou premye match Ligue 2 a kont AS Saint-Étienne, antrenè Vincent Hognon te chwazi Mehdi Jeannin kòm gadyen titilè.

Daprè teknikyen an, Jeannin te fè yon preparasyon presezon ki satisfè estaf la, pandan Alexandre Pierre te retounen pi ta aprè patisipasyon li nan Mondyal 2026 la ak seleksyon ayisyèn nan. Depi lè sa, Jeannin kontinye jwi konfyans antrenè a. Pou kat (4) premye match li titilè nan tout, epi li fè twa (3) san l pa pran gòl. Sèl premye match la li te koule devan Saint-Étienne (3-0).

Kounye a, kesyon an rete poze: èske Alexandre Pierre ap rive reprann plas titilè li nan semèn k ap vini yo? Avèk yon kontra ki dire jiska 2028 ak eksperyans li genyen nan nivo entènasyonal, gadyen ayisyen an toujou gen anpil agiman pou l rekonvenk estaf teknik la.

Men pou moman an, li oblije pran pasyans pandan li ap tann yon nouvo opòtinite pou retounen devan sèn nan.

KÒMANTÈ

Nouvo kòmantè

Si ou vle resevwa notifikasyon sou kòmantè sa )