Aprè 10 lane ap defann koulè Ayiti, Ricardo Adé mete yon fen nan karyè entènasyonal li. Sòti nan premye seleksyon li kont Kosta Rika an 2016 rive nan Koup Dimond 2026 la, ansyen defansè Tempête la kite Grenadye yo ak 64 match jwe e li fè 2 gòl.
Yon paj enpòtan ap fèmen nan istwa resan seleksyon Ayiti a.
Aprè plis pase yon deseni ap pote mayo ble ak wouj la, Ricardo Adé deside pran retrèt entènasyonal li. Yon desizyon ki mete fen nan yon avanti kote defansè a te pase plizyè lane kòm youn nan poto mitan liy defansif Grenadye yo.
Istwa a te kòmanse 2 septanm 2016, pou premye match li ak seleksyon Ayiti a, Adé te fè fas ak Kostarika, nan kad eliminatwa Koup Dimond 2018 la. Li te kòmanse match la e li te jwe tout 90 minit yo. Grenadye yo te pèdi match la 1-0.
4 jou aprè, li te retounen sou teren an kont Jamayik, Jamayik te bat 2-0. Se te kòmansman yon long prezans nan seleksyon nasyonal la.
Ane yo t ap pase, epi wòl Adé t ap vin pi enpòtan. Avèk prezans fizik li, eksperyans li ak kapasite li pou mennen batay nan defans lan, li te vin youn nan jwè ki pi konstan nan defans Grenadye yo.
Li te konnen plizyè jenerasyon jwè. Li te travay anba direksyon plizyè antrenè. Li te travèse diferan peryòd nan foutbòl ayisyen an. Men plas li nan defans lan te rete enpòtan.
Da3pre estatistik ki disponib, Ricardo Adé jwe 58 match ak seleksyon an , ansanm ak 6 lòt ki pa nan match FIFA, pou yon total 64 match entènasyonal. Li make 2 gòl ak seleksyon an.
Nan fen vwayaj sa, te gen yon randevou espesyal ki se Koup Dimonn 2026 la. Ayiti te retounen nan pi gwo konpetisyon foutbòl mondyal la aprè 52 lane. Ricardo Adé te pami Grenadye ki te viv moman istorik sa.
Li te kòmanse 3 match faz gwoup yo kont Ekòs, Brezil ak Mawòk. Nan chak match, li te jwe tout 90 minit yo, pou yon total 270 minit sou tèren an. Pou yon jwè ki te fè premye seleksyon sa gen 10 lane, fini avanti a sou sèn Mondyal la ,sa reprezante yon etap enpòtan nan karyè l.
Sòti Senmak pou rive nan Mondyal, istwa Adé a istwa yon jwè ki rive mete non li nan mitan gwo figi foutbolè ayisyen yo.
Chomen an pa t toujou fasil. Te gen blese. Te gen moman difisil. Te gen vwayaj long pou rantre nan rasanbleman yo. Te gen presyon ki vini ak responsabilite pou reprezante yon peyi. Men li te toujou reponn apèl seleksyon an.
Se sakrifis sa yo ki fè bilan li depase senp estatistik. Retrèt Ricardo Adé make fen yon peryòd pou Grenadye yo.Pandan plis pase 10 lane, li te youn nan figi ki te pi abitye nan defans seleksyon an. Li kite ekip nasyonal la aprè li fin akimile 64 match entènasyonal, 2 gòl, epi patisipe nan yon Koup Dimond. Men pi gwo mak li kite a pa nesesèman nan chif yo.
Li nan batay yo. Nan angajman an. Nan sakrifis yo. Nan fyète li te montre chak fwa li te mete mayo ble ak wouj la.
Jodi a, Ricardo Adé vire paj la.Yon nouvo jenerasyon pral pran lamayòl. Men tras defansè Senmak la kite nan seleksyon Ayiti a p ap fasil efase.
Pa rate nouvèl ak analiz sou foutbòl an Kreyòl gras ak nou