Ekip Tottenham lan nan yon moman fènwa pou dezyèm pati sezon an nan chanpyona Anglè a. Spurs yo sou yon move seri 11 match san yo pa konn gou viktwa. Dènye so kabrit yo pran la se nan men Crystal Palace ki pase yo yon woulo 3-1 sou pwòp tèren yo.
Malgre direksyon klèb la chanje antrenè, se toujou nad marinad. Anyen pa chanje pou sitiyasyon klèb la ki twouve l ak 5 defèt youn kole ak lòt nan chanpyona a. Malgre plizyè gwo acha, Spurs yo toujou ap trennen.
Sa gen 8 mwa depi ekip Tottenham lan pa janm ka rive fè 2 viktwa youn kole ak lòt nan Premier League la, dènye fwa yo te fè sa se depi mwa dawout la. Pou kounya Tottenham ap madebat nan 16èm plas la pou li pa desann nan plas relegab yo. Aprè 29 jounen yo rekòlte selman 29 pwen nan chanpyona a.
Pa rate nouvèl ak analiz sou foutbòl an Kreyòl gras ak nou