UEFAChampionsLeagueEuroEuropaLeagueLòt
AKÈY UEFA ChampionsLeague

ChampionsLeague

Yon gwo Jules Koundé sove FC Barcelone

imaj atik la

10 Desanm 2025   Jacky Chéry   302

Si Blaugrana yo reyisi sòti vivan nan 6èm jounen Ligue Des Champions an ayè madi an se prensipalman gras ak Jules Koundé. Defansè fransè an enskri yon double ki pèmèt Katalan yo genyen Eintracht Frankfurt 2-1.


Aprè klèb alman an te fin keyi Blaugrana yo nan 21èm minit premye peryòd lan sou yon gòl Ansgar Knauff te make, FC Barcelone te reyisi jwenn ase resous pou chavire match la. Jules Koundé se te zanj Katalan yo avèk 2 gòl sa yo ki bay viktwa sa.

Defansè fransè an ki te kòmanse match lan sou koulwa dwat la pou FC Barcelone, reyalize youn nan pi gwo pèfòmans li sou sezon an avèk yon double nan entèval 3 minit. Jules Koundé make nan 50èm ak 53èm minit, pou te egalize epi bay FC Barcelone viktwa sa.

Gras ak viktwa sa, Katalan yo twouve yo nan 14èm plas klasman Ligue Des Champions an avèk 10 pwen aprè 6 jounen. Yon pozisyon ki kapab evolye aprè rezilta rès match jounen sa k ap gen pou jwe demen mèkredi an.

KÒMANTÈ

Nouvo kòmantè

Si ou vle resevwa notifikasyon sou kòmantè sa )

TekEnfo

Solisyon pou tout sa w bezwen nan domèn enfòmatik

Plis detay

RETE ENFÒME

Pa rate nouvèl ak analiz sou foutbòl an Kreyòl gras ak nou