Aprè lansman Koup Dimond 2026 la, moman rive pou nou konnen kiyès pami 8 ekip ki rete yo k ap rive nan dènye kare a. Pou premye kadefinal la, Lafrans ak Mawòk ki se 2 pami ekip ki pi konvenkan nan konpetisyon an, ap gen pou fè fas kare pou rive defann yon biyè k ap bay aksè ak demi final mondyal la.
Kote fransè yo, y ap gen pou apiye sou yon fòs ofansif ki pa sispann epate moun, tandiske Lyon Atlas yo fè diferans lan ak metriz kolektif yo a, plis chema taktik yo an. Dyèl ant 2 fòmasyon yo se pral yon revanch demifinal mondyal 2022 a.
Nan estrateji Lafrans, se yon òganizasyon 4-3-3 ou 4-2-3-1 avèk yon atak fò e rapid. Fason yo, se prese wo pou rekipere balon an byen rapid. Pou eksplwate jwèt la, seleksyon fransèz la ap apiye sou vitès Kylian Mbappé, Ousmane Dembélé epi Michael Olise pou fè tranzisyon yo. Gras ak kapasite milye ofansif bavawa, atakan yo pral gen pou chache efikasite nan trant dènye mèt ekip advès la.
Kle taktik ekip Mawòk la.
Pou jwe e defann plas kalifikasyon yo pou demifinal la, mawoken yo kapab fè yon blòk ba ki rezistan e kapab defann ba oubyen anpeche ekip Lafrans lan jwe selon faz rankont lan. Pa rapò ak 2022, ekip la rive gen yon baz ki pi solid nan fason y ap jwe kote yo mete plis presyon sou advèsè ki anfas yo.
Nan nouvo estrateji Lyon Atlas yo, ekip la fè koulwa dwat la tounen pwen fò yo avèk Achraf Hakimi, lateral dwat PSG a, ki gen yon kapasite ki pèmèt li destabilize advèsè a epi rive defann ak menm foug la.
Fas yon ekip ki konn sa k rele tranzisyon rapid e ranpli ak yon kalite teknik ki reponn, seleksyonè mawoken an gen obligasyon pou li apiye sou yon animasyon ofansif, tout sa akoz absans Ismael Saibari.
Pou reziste ak flewo mawòk la, mitan tèren fransè a dwe kontwole deplasman kreyatè mawoken an ki pral tante kase liy yo ak yon seri pas kle. Aprè, yo dwe siveye kout pye arete yo ki kapab jwe yon wol kle lè n ap gade solidite ki genyen nan jwèt 2 ekip yo.
Si lafrans ta jwenn posiblite poul jwe foutbòl rapid li an e montre yo reyalis devan kan, l ap pran yon avantaj ki enpòtan. Poutan, si Mawòk rive ralanti jwèt la, rale ble yo jis pou pini yo nan kont atak, Lyon Atlas yo gen zam pou kreye yon nouvo eksplwa.
Li rete kounya pou nou swiv si rankont lan p ap fèmen, kote se yon kou taktik oubyen yon senp neglijans kote youn nan ekip yo ki ap gen pou chavire sitiyasyon an nan match sila.
Pa rate nouvèl ak analiz sou foutbòl an Kreyòl gras ak nou