FIFAMondyalMondyalClubAmikalLòt
AKÈY FIFA Mondyal

Mondyal

Lamine Yamal dekri kisa Cristiano Ronaldo ye nan foutbòl

imaj atik la

10 jiyè 2026   Benswilkenson Jean   2104

Jèn atakan FC Barcelone ak Espay la, Lamine Yamal, nan yon entèvyou li montre vrè definisyon mo fransè Ora. Jèn pwodij la fè konnen atakan pòtigè a se vrè definisyon Ora nan foutbòl la.


Lamine Yamal ki anvan final Lig Nasyon yo fas Pòtigal la te fawouche lejann pòtigè, finalman defini kisa ansyen atakan Real Madrid la ye nan mond foutbòl la. Nan yon entèvyou, espanyòl la t ap eklere moun yo sou sa yo rele Ora. Li t ap fè espektatè yo konnen kisa mo sa vle di egzakteman nan foutbòl la.

Orijinè mawoken an di konsa nan foutbòl, moun ki gen plis ora se Cristiano Ronaldo. Li te tou pwofite pou l di kisa mo sa vle di.

"Ora, se lè moun lan degaje yon bagay ki pa gen vrèman yon eksplikasyon. Se tankou lè ou wè yon moun nan yon fim epi ou di wawww. Tankou Brat Pitt, nan foutbòl la Cristiano Ronaldo se yon bon egzanp de mo yo rele Ora a", deklarasyon Lamine Yamal.

KÒMANTÈ

Nouvo kòmantè

Si ou vle resevwa notifikasyon sou kòmantè sa )

TekEnfo

Solisyon pou tout sa w bezwen nan domèn enfòmatik

Plis detay

RETE ENFÒME

Pa rate nouvèl ak analiz sou foutbòl an Kreyòl gras ak nou