FIFAMondyalMondyalClubAmikalLòt
AKÈY FIFA Mondyal

Mondyal

Gwo polemik gentan lanse pou match Lafrans kont Espay la

imaj atik la

13 jiyè 2026   Benswilkenson Jean   1110

Lafrans pral afwonte seleksyon espanyòl la nan demifinal mondyal 2026 la. Gwo tansyon gentan kòmanse ant 2 seleksyon yo.


Demifinal mondyal 2026 la parèt pral cho ak 2 bèl match : Angletè-Ajantin ak Lafrans-Espay. Gwo tansyon gentan kòmanse limen nan kan de ekip ewopeyen ki pral kontre yo. Deklarasyon kòmanse ap sòti tout kote.

Yon ansyen premye minis espanyòl te deklare Lafrans gen yon bèl ekip men majorite jwè yo pa fransè. Yon deklarasyon ki rale plim sou do plizyè otorite nan peyi Lafrans. Anbasadè fransè nan peyi Lespay la te deja reponn ansyen premye minis la kote li di l 23 nan 26 jwè ki nan seleksyon an fèt nan peyi Lafrans epi 3 lòt yo ki fèt nan peyi etranje yo se toujou fransè.

Tansyon yo pa rete la. Premye minis espanyòl la, Pedro Sanchez, kouri dèyè sa ansyen minis lan te di a. Li fè konnen Espay se pou moun ki renmen l, men se pa pou moun ki ap dezonore l ak pawòl zenofòb. Pou fini, Pedro Sanchez di se ekip ki pi bon an ki ap pase nan demifinal la.

KÒMANTÈ

Nouvo kòmantè

Si ou vle resevwa notifikasyon sou kòmantè sa )

TekEnfo

Solisyon pou tout sa w bezwen nan domèn enfòmatik

Plis detay

RETE ENFÒME

Pa rate nouvèl ak analiz sou foutbòl an Kreyòl gras ak nou