Match kadefinal ki te mete Angletè kont ekip Nòvèj la pa t pase byen nan je Nòvejyen yo. Daprè peyi Vikings lan, premye gòl anglè yo pa t dwe valide
Mondyal 2026 la pa sispann gen eskandal ladan l. Majorite nan match yo toujou genyen yon bagay ki kreye pale anpil. Fwa sa a se nan match Angletè fas Nòvèj la (2-1).
Jwè Nòvèj yo te plenyen bay abit fransè a Clement Turpin sou premye gòl Jude Bellingham lan. Selon yo menm, balon an te frape nan yon kab kamera ki sou tèren an ki koz boul la te devye sou aksyon gòl la. San pran tan, FIFA prese reponn federasyon nòvejyèn lan pou l fè yo konnen pa t gen bagay konsa.
FIFA fè konnen kaptè ki anndan balon an pa endike okenn kote balon an te devye nan moman gadyen an te fè relans lan. Mondyal la kontinye gen pale anpil aprè chak match ki fin jwe.
Pa rate nouvèl ak analiz sou foutbòl an Kreyòl gras ak nou