Yon nouvo eskandal frape Koup Dimond 2026 la. Aprè plizyè ka rasis ak diskriminasyon ki deja make konpetisyon an, se fwa sa strimè ameriken IShowSpeed ki tonbe anba move konpòtman kèk sipòtè pandan match ant Ajantin ak KapVè a.
FIFA konfime li louvri yon ankèt sou ensidan an, ki te pase 3 jiyè nan Miami Stadium la. Nan yon mesaj li pibliye sou rezo X, enstans la fè konnen li te aji touswit apre li fin resevwa enfòmasyon sou sa ki te pase a.
"FIFA kondane ak tout fòs li rasis, rayisman ak tout lòt fòm diskriminasyon. Konpòtman sa yo pa gen plas yo ni nan foutbòl, ni pandan Koup Dimond lan, ni okenn lòt kote nan sosyete a", se sa òganizasyon an fè konnen.
IShowSpeed, ki gen 21 lane, te nan estad la pou ankouraje seleksyon KapVè a. Men, aprè Ajantin te elimine KapVè 3-2 aprè pwolongasyon, atmosfè a vin chofe. Nan yon videyo li pataje sou Instagram, plizyè sipòtè Ajantin parèt ap fè jès ofansif ak pwovokan sou direksyon li.
Pou kounye a, FIFA poko revele tout detay sou ensidan an, men ankèt la deja lanse. Dosye sa kapab mennen nan nouvo mezi kont moun ki enplike yo, pandan òganizasyon an kontinye voye yon mesaj klè kont tout fòm diskriminasyon nan foutbòl.
Pa rate nouvèl ak analiz sou foutbòl an Kreyòl gras ak nou