FIFAMondyalMondyalClubAmikalLòt
AKÈY FIFA Mondyal

Mondyal

Move nouvèl pou Angletè anvan match kadefinal li a fas Nòvèj

imaj atik la

10 jiyè 2026   Benswilkenson Jean   1591

Seleksyon anglèz la pran yon move nouvèl anvan match chòk kadefinal mondyal 2026 la kont seleksyon nòvejyèn ki gen kòm vedèt atakan solid Erling Haaland. Anglè yo ka pa gen prezans Declan Rice pou match la.


Daprè jounal anglè Daily Mail, mitan tèren Three Lions yo nan izolman akoz li atake anba yon epidemi gastwo enterit. Seleksyon anglèz la tonbe anba alèt sanitè aprè mitan tèren Arsenal la fin tonbe anba maladi sa.

Jwè a ki t ap soufri anba plizyè maladi, deja wè ka li a vin pi grav avèk nouvo maladi sa a. Declan Rice te deja pa t anfòm akoz li t ap soufri ak yon ichyojanbye, epi yon malèz nan do.

Federasyon anglèz la oblije mete jwè a nan izolman yon fason pou evite maladi a pwopaje ak rès gwoup la.

KÒMANTÈ

Nouvo kòmantè

Si ou vle resevwa notifikasyon sou kòmantè sa )

TekEnfo

Solisyon pou tout sa w bezwen nan domèn enfòmatik

Plis detay

RETE ENFÒME

Pa rate nouvèl ak analiz sou foutbòl an Kreyòl gras ak nou