AYITIPremyeDivizyonDezyemDivizyonSeleksyonNasyonalEkspatriyeLòt
AKÈY AYITI Ekspatriye

Ekspatriye

Yon nouvo chapit louvri pou Brittany Raphino ki rejwenn yon gwo klèb an Itali

imaj atik la

10 Jiyè 2026   Jacky Chéry   1253

Jan sa te anonse depi mwa pase an, atakan entènasyonal ayisyèn Brittany Raphino siyen ofisyèlman nan Inter Milan. Aprè 2 sezon nan Sporting Club, Grenadye an pral konnen yon dezyèm eksperyans pwofesyonèl sou kontinan ewopeyen an.


Sou rezo sosyal yo, Inter Milan anonse siyati Brittany Raphino ki rejwenn klèb lan nan yon kontra pou 4 pwochen sezon yo. Atakan ayisyèn 25 lane a pa t kache kontantman l pou rejwenn klèb italyen an ki se yon referans nan Serie A a.

Aprè yon eksperyans nan Sporting Club ki te chaje bon ak move moman, Brittany Raphino pati pou yon nouvèl eksperyans pwofesyonèl kote l pral ranfòse atak Inter Milan an ki pral kapab goumen nan Lig Chanpyon feminen an sezon k ap vini an.

Brittany Raphino se yon jwez ki fèt nan dat 30 oktòb 2000, nan peyi Etazini, avèk papa l ki fèt an Ayiti. Pandan ane 2026 la, li chwazi reprezante Ayiti sou sèn entènasyonal la kote l te resevwa premye konvokasyon l nan mwa avril ki sot pase an.

N ap raple, sezon ki sot pase a, Inter Milan te fini dezyèm nan Serie A feminen an, sa ki ba l dwa jwe Lig Chanpyon sezon k ap vini an. Aprè Melchie Dumornay, Brittany Raphino se pral yon lòt jwez ayisyèn k ap gen pou jwe pi gwo konpetisyon klèb sou kontinan ewopeyen an.

KÒMANTÈ

Nouvo kòmantè

Si ou vle resevwa notifikasyon sou kòmantè sa )

TekEnfo

Solisyon pou tout sa w bezwen nan domèn enfòmatik

Plis detay

RETE ENFÒME

Pa rate nouvèl ak analiz sou foutbòl an Kreyòl gras ak nou