FIFAMondyalMondyalClubAmikalLòt
AKÈY FIFA Mondyal

Mondyal

Jude Bellingham: ewo Angletè nan batay kont Nòvèj la

imaj atik la

12 Jiyè 2026   Neuvième Junior   6940

Nan yon match ki te mande karaktè, lidèchip ak gwo mantalite, Jude Bellingham te pran responsablite a epi tounen prensipal vedèt la nan viktwa Angletè 2-1 kont Nòvèj aprè pwolongasyon an. Li make tou de gòl Angletè yo : youn pou egalize anvan poz la epi youn nan pwolongasyon pou bay ekip la kalifikasyon an.


Yon pèfòmans an bon lidè

Bellingham pa t sèlman yon moun ki make gòl. Li te montre tout kalite yon mitan teren modèn: prezans fizik nan batay mitan tèren an; kapasite pou antre nan sifas reparasyon an nan bon moman; kalm anba presyon nan moman ki pi enpòtan yo epi lidèchip lè Angletè te bezwen yon jwè pou pote ekip la.

De aksyon ki chanje istwa match la

45+2 minit, Bellingham reyaji vit pou remete Angletè nan match la aprè Nòvèj te pran avantaj la.
93èm minit nan pwolongasyon, li pwofite yon sitiyasyon nan zòn danje a pou bay Angletè avantaj final la.

Analiz taktik sou jwèt Jude la.

Nan kòmansman an, Bellingham te oblije travay anpil pou ede Angletè reziste kont presyon Nòvèj la. Men, plis match la t ap avanse, li te jwenn plis libète pou jwe pi pre atakan yo. Chanjman pozisyon sa a pèmèt li itilize pi gwo fòs li: kouri san boul, antre nan bwat la, epi fini aksyon yo.

Selon kèk jounalis, pèfòmans sa konfime repitasyon Bellingham kòm youn nan jwè ki pi desizif nan jenerasyon li an. Li pa t sèlman jwe yon gwo match; li te pote moman ki fè diferans ant eliminasyon ak kalifikasyon pou Anglè yo.

Avèk 10/10 kòm nòt, nou kapab di efikasite, mantalite gayan, kapasite pou pran responsabilite, se tout elman kite fè fòs jwè madrilèn lan.

An konklizyon: Kont Nòvèj, Jude Bellingham te jwe tankou yon vrè lidè pou Angletè. Lè ekip la te nan difikilte, se li ki leve men li pou ekri youn nan pi gwo paj nan pakou "Three Lions" yo nan Koup Dimond 2026 la.

KÒMANTÈ

Nouvo kòmantè

Si ou vle resevwa notifikasyon sou kòmantè sa )

TekEnfo

Solisyon pou tout sa w bezwen nan domèn enfòmatik

Plis detay

RETE ENFÒME

Pa rate nouvèl ak analiz sou foutbòl an Kreyòl gras ak nou