Ansyen foutbolè fransè Samir Nasri te pase anviwon 10 èdtan nan men lapolis jedi a. Lapolis te poze l anpil kesyon nan kad yon gwo ankèt sou yon rezo yo sispèk ki enplike nan enpòtasyon dwòg ak blanchiman lajan.
Dapre jounal Le Parisien, Nasri pa t arete paske yo di li fè trafik dwòg. Yo te tande l sitou akoz relasyon li te genyen ak yon klèb lannwit ki rele XS, nan vil Ivry-sur-Seine, toupre Pari.
An 2016, pandan li t ap jwe pou Manchester City, Nasri te envesti plizyè santèn milye ewo nan klèb sa epi li te vin youn nan pwopriyetè li yo. Se poutèt sa ankètè yo vle konprann si gen nenpòt enfòmasyon li ka bay sou fason biznis sa te fonksyone.
Aprè odyans lan, Samir Nasri te kite lokal lapolis la kòm yon nonm lib. Pou moman an, lajistis pa pote okenn akizasyon kont li, e pa gen okenn pouswit jidisyè ki lanse sou non li.
Sepandan, ankèt la kontinye. Le Parisien fè konnen lajistis ka rele Nasri ankò si nouvo eleman parèt pandan ankèt la. Kidonk, jiska kounye a, Samir Nasri se yon moun yo tande nan ankèt la, men li pa kondane ni akize pou okenn krim.
Pa rate nouvèl ak analiz sou foutbòl an Kreyòl gras ak nou