AYITIPremyeDivizyonDezyemDivizyonSeleksyonNasyonalEkspatriyeLòt
AKÈY AYITI SeleksyonNasyonal

SeleksyonNasyonal

Apre patisipasyon Ayiti nan Mondyal 2026 la, Frantzdy Pierrot resevwa yon omaj espesyal nan Okap

imaj atik la

11 jiyè 2026   Gamarck Antoine   714

Frantzdy Pierrot pile bout tè papa Desalin nan vendredi 10 jiyè a. Vini Grenadye a nan peyi a pa t pase inapèsi. Kèk jou aprè kanpay istorik Grenadye yo nan Koup Dimond FIFA 2026 la, atakan seleksyon nasyonal la te resevwa yon akèy ofisyèl nan Okap, kote otorite yo te pwofite salye angajman ak kontribisyon li nan pwomosyon foutbòl ayisyen sou sèn entènasyonal la.


Resepsyon an se Ministè Jenès, Espò ak Aksyon Sivik (MJSAC) ki te òganize l, sou enstriksyon minis Pythagore Dumas. Se Direktè Depatmantal ministè Espò a nan Nò a, Gamael Sonceau, ki te resevwa jwè a ansanm ak fanmi li lè yo te rive nan vil la. Direktè depatmantal Touris la, Lumas Pierrot, te patisipe tou nan seremoni an.

Nan okazyon an, Frantzdy Pierrot te resevwa yon plak lonè kòm siy rekonesans pou efò ak sèvis li rann seleksyon nasyonal la. Pou responsab yo, se yon fason pou mete an valè atlèt ki fè drapo ayisyen an briye sou plan entènasyonal.

Aprè seremoni an, jwè a te rankontre ak laprès nan Meri Okap la. Li te fè yon bilan sou eksperyans li pandan Koup Dimond lan, li te pale sou fyète li genyen pou reprezante Ayiti, epi li te voye yon mesaj ankourajman bay jèn ki reve swiv menm chemen an.

Atravè inisyativ sa, MJSAC fè konnen li vle kontinye rekonèt atlèt ki pote glwa pou peyi a, pandan li reyafime volonte li pou sipòte devlopman espò a ak ankouraje jenès ayisyèn nan.

KÒMANTÈ

Nouvo kòmantè

Si ou vle resevwa notifikasyon sou kòmantè sa )

TekEnfo

Solisyon pou tout sa w bezwen nan domèn enfòmatik

Plis detay

RETE ENFÒME

Pa rate nouvèl ak analiz sou foutbòl an Kreyòl gras ak nou