Koup Dimond 2026 la rive nan moman ki pi entèresan li yo. Vandredi sa, Bèljik ak Espay ap rankontre nan yon kadefinal ki pwomèt anpil emosyon. De seleksyon sa yo gen gwo anbisyon e yo konnen yon viktwa ap voye yo dirèkteman nan demifinal.

Espay rive nan match la ak anpil konfyans. Ekip Luis de la Fuente a poko pran okenn gòl nan konpetisyon an e li montre yon jwèt kolektif ki byen òganize, ak yon bon kontwòl balon ansanm ak anpil disiplin taktik. Jèn vedèt Lamine Yamal ak atakan Mikel Oyarzabal se de gwo zam ofansif Roja ap konte sou yo.
Bò kote pa Bèljik, Dyab Wouj yo rive ak anpil moral apre yon viktwa enpresyonan 4-1 sou Etazini. Malgre absans enpòtan Onana nan mitan tèren an akòz blesi, ekip Rudi Garcia a toujou gen anpil eksperyans ak jwè ki konn jwe gwo match.
Sou plan taktik, match la pral mete fas pou fas posesyon balon ak presizyon Espay la kont fòs fizik ak tranzisyon rapid Bèljik la. Batay nan mitan tèren an ak efikasite devan gòl la kapab deside sò rankont la.
Gayan match sa pral jwenn Lafrans nan demifinal Koup Dimond la, sa ki fè rankont sa gen yon enpòtans ekstraòdinè.
Èske Espay ap kontinye dominasyon li, oswa èske Bèljik ap kreye sipriz la? Repons lan ap sou tèren an.
Pa rate nouvèl ak analiz sou foutbòl an Kreyòl gras ak nou