UEFAChampionsLeagueEuroEuropaLeagueLòt
AKÈY UEFA ChampionsLeague

ChampionsLeague

Galatasaray kenbe Atlético Madrid nan gòj, Julián Álvarez toujou san gòl

imaj atik la

21 janvye 2026   Steve Pierre   923

Jodi a, nan kad 7èm jounen Champions League la, Galatasaray ak Atlético Madrid separe pwen yo sou teren Rams Park la aprè yon match nil (1-1). Malgre anpil entansite, ekip Diego Simeone a pa rive pran tout twa (3) pwen yo, pandan Julián Álvarez kontinye travèse yon peryòd difisil devan gòl la.


Nan yon anbyans cho nan Istanbul, Galatasaray montre li pa t vini pou fè figirasyon. De (2) ekip yo bay yon bèl batay, ak anpil angajman fizik ak bon faz jwèt, men yo fini pa pataje pwen yo (1-1).

Pou Atlético Madrid, tout je te sou entènasyonal ajanten an, Julián Álvarez, ki te pase 73 minit sou teren an san li pa jwenn chimen filè a. Atakan an ap travèse yon seri move moman: li rete sou 8 match san li pa make, dènye gòl li se te 9 desanm 2025 ki sot pase a, nan viktwa Atlético Madrid kont PSV nan Champions League la.

Se premye fwa depi kòmansman sezon an Álvarez ap viv yon seri match konsa san gòl, yon sitiyasyon ki kòmanse poze kesyon lakay fanatik “Colchoneros” yo, menm si kontribisyon li nan jwèt kolektif la toujou enpòtan.

Atlético Madrid p ap gen anpil tan pou reflechi, paske pwochen randevou a deja pwograme. 25 janvye, nan Liga a, y ap resevwa Mallorca, nan Metropolitano a. Tout moun ap mande tèt yo: Èske Julián Álvarez pral kraze madichon sa a epi retounen sou lis makè yo? Repons lan, se sou teren an n ap jwenn li, dimanch a 8è nan maten.

KÒMANTÈ

Nouvo kòmantè

Si ou vle resevwa notifikasyon sou kòmantè sa )

TekEnfo

Solisyon pou tout sa w bezwen nan domèn enfòmatik

Plis detay

RETE ENFÒME

Pa rate nouvèl ak analiz sou foutbòl an Kreyòl gras ak nou