FIFA sòti yon desizyon ki pa fè zafè Lafrans ditou. Malgre tout efò Federasyon Fransè Foutbòl la te fè pou konteste katon jòn Michael Olise a, enstans entènasyonal la deside kenbe sanksyon an.
Mèkredi, FIFA fè Federasyon Frans Foutbòl konnen ofisyèlman li voye jete apèl konsènan katon jòn Michael Olise te resevwa pandan viktwa Lafrans sou Paragwe nan uityèm definal Koup Dimond 2026 la.
« Pa gen okenn chanjman konsènan avètisman Olise la. Nou resevwa yon kominikasyon FIFA ki konfime katon jòn nan rete valab », se sa Didier Deschamps te deklare nan konferans pou laprès li te bay nan Boston.
Desizyon sa mete Michael Olise sou yon fil. Si atakan Bayern Munich la resevwa yon lòt katon jòn kont Mawòk nan kadefinal la epi Lafrans rive kalifye, li p ap gen dwa jwe demifinal la kont gayan rankont ant Espay ak Bèljik la.
Se yon gwo tèt chaje pou Didier Deschamps, paske nenpòt ti erè Olise fè kont Mawòk ka koute Lafrans prezans youn nan jwè ki pi enpòtan li yo nan yon etap kote chak detay ka fè diferans.
Pa rate nouvèl ak analiz sou foutbòl an Kreyòl gras ak nou