FIFAMondyalMondyalClubAmikalLòt
AKÈY FIFA Mondyal

Mondyal

Lajistis ameriken ak FBI ap menen gwo ankèt sou Federasyon Ajantin foutbòl

imaj atik la

8 jiyè 2026   Gamarck Antoine   908

Pandan Ajantin t ap selebre kalifikasyon li pou kadefinal Koup Dimond lan apre viktwa 3-2 li sou Ejip, Federasyon foutbòl Ajantin (AFA) ap fè fas ak yon dosye ki kapab souke enstitisyon an. Daprè jounal La Nacion ki se yon jounal ajanten, pwokirè federal ameriken ansanm ak ajan FBI ap mennen yon ankèt sou tranzaksyon finansye AFA te fè atravè sistèm bankè ameriken an.


Ankèt la ap chèche verifye si federasyon an, ki prezide pa Claudio "Chiqui" Tapia, te fè pase plizyè santèn milyon dola atravè operasyon ki ta ka tonbe anba blanchiman lajan oswa fwod.

Premye eleman ankèt la montre anviwon 260 milyon dola ameriken ki evalye a prèske 230 milyon ewo revni AFA te pase atravè senk kont labank Ozetazini atravè konpayi TourProdEnter LLC, ki te jere kontra komèsyal entènasyonal federasyon an.

Ankèt la vize Claudio Tapia, trezorye AFA a, Pablo Toviggino, ansanm ak TourProdEnter LLC. Daprè La Nacion: "Virman sa yo te gen ladan yo pèman ki rive nan plizyè dizèn milyon dola pou konpayi ki, selon dokiman jounal la analize, pa t montre okenn tras sèvis ki ka idantifye. Konpayi sa yo te sou kontwòl moun ki t ap resevwa èd sosyal epi ki t ap viv nan Bariloche oswa Buenos Aires."

Lajistis ameriken te louvri yon ankèt preliminè depi 2025, aptre otorite jidisyè Ajantin yo te deja avèti Etazini, depi mwa septanm 2024, sou sa yo te rele "zòn risk potansyèl ki gen rapò ak òganizasyon espòtif la."

Nan fen mwa desanm, yon lòt ankèt te revele TourProdEnter LLC te sèvi kòm yon "veyikil koleksyon" pou kontra entènasyonal AFA yo, tankou kontra Adidas ki vo 53 milyon dola ak kontra Warner ki vo 35 milyon dola.

An retou, konpayi an te resevwa 30 % sou revni entènasyonal AFA yo aprè taks pandan kat dènye ane yo, ansanm ak yon komisyon 10 % sou depans lojistik operasyon sa yo.

Pou fini, La Nacion presize: "Tranzaksyon sa yo fè pati dokiman Depatman Jistis ameriken ak FBI ap egzamine kounye a pou detèmine si yo dwe louvri yon ankèt kriminèl fòmèl ki tonbe anba jiridiksyon Etazini."

Si ankèt la debouche sou pouswit jidisyè, dosye sa a ta ka vin youn nan pi gwo eskandal finansye ki janm frape Federasyon foutbòl Ajantin pandan dènye ane yo.

KÒMANTÈ

Nouvo kòmantè

Si ou vle resevwa notifikasyon sou kòmantè sa )

TekEnfo

Solisyon pou tout sa w bezwen nan domèn enfòmatik

Plis detay

RETE ENFÒME

Pa rate nouvèl ak analiz sou foutbòl an Kreyòl gras ak nou