FIFAMondyalMondyalClubAmikalLòt
AKÈY FIFA Mondyal

Mondyal

Iran pa vle patisipe nan Mondyal 2026 la malgre Etazini bay otorizasyon

imaj atik la

12 mas 2025   Steve Pierre   1006

Malgre Etazini fè konnen seleksyon Iran an toujou byenvini pou patisipe nan Mondyal 2026 la, otorite iranyen yo fè konnen peyi a pa gen entansyon patisipe nan konpetisyon an akoz lagè ak gwo kriz li ap travèse kounye a.


Pandan Mondyal 2026 la ap pwoche, kesyon patisipasyon seleksyon Iran an ap fè anpil pale anpil. Menmsi Etazini, youn nan peyi ki pral òganize tounwa a, fè konnen ekip la toujou ka vini jwe, pozisyon Iran parèt klè: yo pa dispoze patisipe.

Daprè minis espò peyi a, Ahmad Donyamali, sitiyasyon politik ak militè peyi a pa pèmèt yo antre nan yon konpetisyon tankou Mondyal la. Li akize gouvènman Etazini an epi li fè konnen peyi li ap travèse yon moman trè difisil aprè plizyè mwa lagè ak anpil viktim.

Deklarasyon sa yo vini pandan prezidan FIFA a, Gianni Infantino, te fè konnen lidè ameriken an Donald Trump pa gen okenn pwoblèm pou Iran vini jwe Mondyal la sou tèritwa ameriken an.

Malgre ouvèti sa bò kote Etazini, responsab iranyen yo kwè peyi a pa nan kondisyon pou patisipe nan yon gwo evènman espòtif pandan li ap fè fas ak konsekans lagè yo.

Sitiyasyon sa fè anpil moun ap poze kesyon sou sa ki ka rive nan pwochen mwa yo. Men pou kounye a, mesaj ki soti bò kote otorite Iran yo klè: patisipasyon peyi a nan Mondyal 2026 la pa nan plan yo.

KÒMANTÈ

Nouvo kòmantè

Si ou vle resevwa notifikasyon sou kòmantè sa )

TekEnfo

Solisyon pou tout sa w bezwen nan domèn enfòmatik

Plis detay

RETE ENFÒME

Pa rate nouvèl ak analiz sou foutbòl an Kreyòl gras ak nou