FIFAMondyalMondyalClubAmikalLòt
AKÈY FIFA Mondyal

Mondyal

FIFA mete plizyè nouvo règ pou Mondyal 2026 la

imaj atik la

13 mas 2026   Benswilkenson Jean   962

Federasyon entènasyonal foutbòl amatè a (FIFA) pote plizyè nouvo règ ki pral aplike nan Mondyal 2026 la. Sòti sou kantite tan pou yon jwè desan lè chanjman rive nan itilizasyon VAR sou dezyèm katon jòn se kèk nan modifikasyon ki pral kòmanse nan Mondyal 2026 la


Koup Dimond lan ap rapwoche sou nou. Pandan gen seleksyon ki fè retrè (Iran), FIFA li menm ap kontinye jwe kat li pou evènman sila ka pase byen. Pou sa rive, FIFA anonse plizyè modifikasyon ak nouvo règ ki pral gen pou aplike nan moman match yo nan Mondyal la.

Premye règ FIFA modifye se sou kantite tan yon jwè dwe kite tèren an lè yon ekip ap fè chanjman. Nan modifikasyon an yo fè konnen, Jwè ki ap sòti a gen selman 10 segonn pou l kite tèren an. Si l fè plis tan pase sa, jwè ki ap antre a ap fè yon minit deyò tèren an. Modifikasyon sila se pou anpeche jwè yo boule lè nan match yo.

Lòt modifikasyon ki enpòtan ankò. Lè balon an sòti, swa sou yon touch oubyen deyò, jwè oubyen gadyen an gen sèlman 5 segonn pou redemare jwèt la. Sinon abit la ap bay ekip advès la avantaj la. Yon lòt bò jwè ki frape epi ki merite swen yo dwe desann tèren an. Yo dwe al pran swen deyò tèren an.

Lòt nouvo règ FIFA mete a se pou VAR la. Apati mondyal 2026 la, VAR la ap otorize pou entèvni nan desizyon dezyèm katon jòn yo ak sou kònè yo si abit la ta fè erè.

KÒMANTÈ

Nouvo kòmantè

Si ou vle resevwa notifikasyon sou kòmantè sa )

TekEnfo

Solisyon pou tout sa w bezwen nan domèn enfòmatik

Plis detay

RETE ENFÒME

Pa rate nouvèl ak analiz sou foutbòl an Kreyòl gras ak nou