FIFAMondyalMondyalClubAmikalLòt
AKÈY FIFA Mondyal

Mondyal

Aprè FIFA ak Trump, Balogun soti nan silans li ak yon mesaj ki frape fò

imaj atik la

8 jiyè 2026   Gamarck Antoine   697

Pandan plizyè jou, non Folarin Balogun te nan bouch tout moun. Katon wouj li te resevwa, desizyon FIFA pou leve sispansyon li an, ansanm ak akizasyon ki te vize Gianni Infantino ak Donald Trump la, te fè atakan ameriken an tounen youn nan jwè ki te plis fè pale pandan Koup Dimond 2026 la.


Malgre tout bri sa yo, Balogun pa t janm reponn. Li te chwazi rete an silans, pandan kritik yo t ap kontinye tonbe sou li ak sou FIFA. Se sèlman apre eliminasyon Etazini devan Bèljik la li deside pale. Nan yon mesaj emosyonèl li pibliye sou rezo sosyal li, atakan AS Monaco a mande sipòtè ameriken yo padon epi voye yon mesaj espwa pou lavni.

"Premye Koup Dimond mwen. Sa fè mal lè ou tann kat lane pou rive jwe nan pi gwo nivo foutbòl la. Mwen vle mande eskiz ak sipòtè nou yo, nou pa t rive fè sa nou te dwe fè nan moman ki te pi enpòtan yo, e nou desevwa nou. Men mwen kwè foutbòl ameriken an ap kontinye grandi. Konfyans, talan ak pasyon an ap vin pi fò chak jou. Pi bon jou yo poko rive. Lavni se pou moun ki pa janm sispann kwè. N ap retounen. Poukisa pa nou? Pou nasyon an. Pou drapo a."

KÒMANTÈ

Nouvo kòmantè

Si ou vle resevwa notifikasyon sou kòmantè sa )

TekEnfo

Solisyon pou tout sa w bezwen nan domèn enfòmatik

Plis detay

RETE ENFÒME

Pa rate nouvèl ak analiz sou foutbòl an Kreyòl gras ak nou