Klèb kapital la Violette AC byen ranpli kès li nan premye edisyon chanpyona nasyonal la anba kontwòl Ligue Haïtienne Football la. Vye tig yo sòti ak yon kantite 5milyon goud pou sezon sa.
Premye edisyon Chanpyon nasyonal la LHF òganize a rive nan bout li. Tout ekip yo deja konnen sò yo ni nan nivo espòtif ni nan nivo finansyè. Nan pati finansyè a, Violette AC se ekip ki ranpòte lamayòl la.
Klèb pòtoprens lan rekòlte yon kantite 5 milyon goud pou sezon sa a nan chanpyona a. Kantite kòb sila se kantite kòb sèlman paske yo chanpyon ni seri ouvèti, ni seri kloti chanpyona a.
Daprè atik 9 kòd règlemantè Ligue Haïtienne Football la, chanpyon chak seri yo ap jwenn 2.5 milyon goud (2 500 000). Vye tig yo ki chanpyon tou 2 seri yo resevwa 2.5 Milyon pou chak seri yo. Sa ki vin bay yon kantite 5 Milyon goud.
Kès Violette AC byen boure gras ak bon travay tout estaf ekip la. Kanta pou Baltimore SC li menm li fini sezon an ak 3 milyon goud nan kès li. Klèb senmak la soti ak kòb sa gras ak patipasyon yo ni nan final seri ouvèti a ni nan final seri kloti a.
Pa rate nouvèl ak analiz sou foutbòl an Kreyòl gras ak nou