Football Inter Club Association an tonbe anba gwo sanksyon aprè ensidan ki te pase aprè match kont Baltimore SC a. FICA pral gen pou peye 800 mil goud ak divès lòt sanksyon.
Ligue Haïtienne Football la rann piblik jodi mèkredi 13 me 2026 la, yon ansanm sanksyon yo bay klèb FICA akoz gwo deblozay ki te pase kont ofisyèl yo aprè match kont Baltimore a nan dat 29 avril 2026 la.
LHF la apiye l sou divès atik nan dokiman reglemantè chanpyona a tankou:
-Atik 10 ki pale sou responsabilite klèb ki ap resevwa a
-Atik 12 ki pale sou Sekirite ak lòd piblik
-Atik 14 ki pale sou move konpòtman fanatik yo
-Atik 15 ki pale sou pwoteksyon abit yo
Epi gid ak pwotokòl òganizasyon match yo.
Daprè tout atik sa yo, LHF la estime FICA fè yon seri gwo fot tankou:
-Anvayisman tèren (sipòtè l yo)
-Agresyon fizik ak vèbal kont abit yo
-Jete plizyè bagay danjere
-Epi yon gwo defayans bò kote sekirite yo
Tout enfraksyon sa yo gen konsekans finansyè yo daprè Ligue Haïtienne lan.
-Anvayisman tèren an ap koute FICA 150 mil goud.
-Vyolans kont abit yo 300 mil goud.
-Jete vye bagay sou tèren an 150 mil goud
-Defayans sekirite 200 mil goud.
Sanksyon sa yo vin koute FICA yon montan 800 mil goud kòm amand.
Malgre gwo amand sa a, pinisyon an pa rete la. Ligue Haïtienne Football la deside ajoute sanksyon 3 match anplis. Pandan 3 match sa yo, FICA p ap jwenn yon goud baryè.
Malgre sa LHF la fè yon ti pase men. Lig la deside pa aplike sanksyon finansyè 800 mil goud la tousuit akoz lòt sanksyon 3 match la yo estime ki deja yon fado pou FICA.
Pa rate nouvèl ak analiz sou foutbòl an Kreyòl gras ak nou