AYITIPremyeDivizyonDezyemDivizyonSeleksyonNasyonalEkspatriyeLòt
AKÈY AYITI PremyeDivizyon

PremyeDivizyon

Final Chanpyona Nasyonal la : Baltimore SC demanti rimè sou entèdiksyon jounalis yo

imaj atik la

9 me 2026   Steve Pierre   1360

Yon gwo polemik pete nan vil Senmak pandan preparasyon pou match retou final chanpyona nasyonal premye divizyon an ant Baltimore SC ak Violette AC. Tout konfizyon an sòti aprè yon mesaj ki te kòmanse sikile sou aplikasyon WhatsApp depi ayè 8 me 2026 la, kote yo te fè kwè kèk jounalis pa t ap gen dwa monte nan bis ekip Baltimore SC a pou ale kouvri final la.


Nan mesaj sa a, moun ki te pibliye l la te ekri : “Kesyon estrateji, gen anpil Jounalis ki p ap ka monte Machin BSC. Atansyon pa kapon! Paske je fon kriye davans ; marengwen ap vole ou pa ka distenge ni mal ni femèl. Depi ou bezwen al kouvri match final la pran machin.”

Mesaj sa a te fè anpil bri sou rezo sosyal yo, sitou paske anpil moun te konprann li kòm yon desizyon dirijan Baltimore SC yo pou bloke kèk jounalis, espesyalman sila yo yo ta konsidere kòm sipòtè lòt ekip ki pa Baltimore SC.

Men, samdi 9 me 2026 la, Baltimore SC soti yon nòt ofisyèl pou demanti enfòmasyon sa yo. Nan nòt la, klèb la fè konnen piblikasyon ki t ap sikile sou entènèt la pa sòti nan okenn enstans ofisyèl ekip la e li totalman fo.

Dirijan yo presize tout nòt ofisyèl ekip 4x4 la dwe toujou genyen antèt ofisyèl klèb la, siyati responsab konpetan yo ansanm ak so ofisyèl ekip la. Konsa, yo mande piblik la pou pa pran nenpòt mesaj k ap sikile sou rezo sosyal yo kòm pawòl ofisyèl san verifikasyon.

Nan menm nòt la, komite Baltimore SC a kritike sa yo rele “swadizan jounalis” ki ta pibliye enfòmasyon an san verifye l nan sous ofisyèl yo. Yo mande plis pwofesyonalis ak responsablite nan fason enfòmasyon espòtif yo ap trete, espesyalman nan yon moman ki sansib tankou yon final chanpyona nasyonal.

Prezidan klèb la, Jean Mary Manès, ki siyen nòt la, fè konnen Baltimore SC rete angaje nan respè pou laprès serye ak pwofesyonèl, pandan y ap kondane tout fòm de fo enfòmasyon.

Dosye sa a rive nan yon moman kote tansyon ak emosyon deja wo ant sipòtè yo abvan gwo final retou a, aprè premye match la ki te fini (0-0) nan Pak Levelt. Kounye a, tout je fikse sou Pak Sainte-Thérèse la kote yo pral konnen kiyès k ap leve twofe seri kloti chanpyona an.

KÒMANTÈ

Nouvo kòmantè

Si ou vle resevwa notifikasyon sou kòmantè sa )

TekEnfo

Solisyon pou tout sa w bezwen nan domèn enfòmatik

Plis detay

RETE ENFÒME

Pa rate nouvèl ak analiz sou foutbòl an Kreyòl gras ak nou