Ligue Haïtienne de Football fè konnen twofe ofisyèl ki te dwe sèvi kòm senbòl chanpyon nasyonal la p ap disponib pou final Seri Kloti Chanpyona Nasyonal D1 Paryaj Lakay 2026 la, jan sa te pwomèt la, akoz plizyè pwoblèm ki ralanti pwodiksyon li.
Nan yon kominike pou laprès Sekretarya Jeneral lig la pibliye, LHF eksplike depi lansman Seri Kloti 2026 la, yo te anonse yon nouvo pwojè twofe inik ki ta dwe reprezante tit chanpyon nasyonal la sou yon baz dirab ak senbolik. Daprè plan lig la, twofe orijinal la ta dwe rete nan patrimwàn enstitisyon an, pandan chak klèb ki ranpòte chanpyona a t ap resevwa yon kopi ofisyèl.
Men, responsab yo fè konnen fabrikan ki te resevwa kontra pou reyalize pwojè a pa kapab fini travay la nan delè ki te prevwa yo. Yo presize reta sa a lye ak difikilte pou jwenn kèk materyèl espesyal ki nesesè nan konsepsyon twofe a.
Malgre gwo jefò fabrikan an ansanm ak "designer" ki t ap travay sou pwojè a te fè pou respekte estanda kalite ak ekselans lig la te mande yo, tan ki rete anvan final la pa sifi pou garanti yon pwodwi final ki konfòm ak vizyon LHF la.
Konsa, Lig Ayisyèn Foutbòl la anonse li oblije bay yon twofe altènatif, eksepsyonèlman pou edisyon Seri Kloti 2026 la, bay ekip ki pral sakre chanpyon an.
Malgre sitiyasyon sa a, LHF di pwojè twofe ofisyèl la rete yon priyorite pou enstitisyon an. Travay konsepsyon ak pwodiksyon an ap kontinye fèt an kolaborasyon sere ak diferan pati ki konsène yo, pou nouvo twofe ofisyèl la kapab disponib depi pwochen sezon an.
Pou fini, lig la prezante eskiz li bay klèb yo, sipòtè yo, patnè yo ansanm ak tout moun ki renmen foutbòl ayisyen an, pandan li remèsye yo pou konpreyansyon ak konfyans yo kontinye bay foutbòl nasyonal la.
Pa rate nouvèl ak analiz sou foutbòl an Kreyòl gras ak nou