AYITIPremyeDivizyonDezyemDivizyonSeleksyonNasyonalEkspatriyeLòt
AKÈY AYITI PremyeDivizyon

PremyeDivizyon

Baltimore SC pèdi 3 tit sezon sa a

imaj atik la

13 me 2026   Benswilkenson Jean   1451

Chanpyona nasyonal la rive nan bout li aprè final retou pleyòf seri kloti a ki fèt ayè 10 me 2026 la nan Pak Sainte Thérèse nan Petyonvil. Baltimore SC ki gen ti non jwèt 4×4 tonbe yon dezyèm fwa nan yon final kont Violette AC sezon sa a nan premye edisyon chanpyona a anba zèl LHF la.


Aprè yo te fin pèdi seri ouvèti a kont menm Violette sa a, yo vin retounen pèdi seri kloti a kont Violette ankò. Sa ki siyifi Ernso Datus pèdi 2 tit devan antrenè Violette la 2 fwa pandan sezon sa a. Li menm pèdi youn san li pa menm jwe l.

Tout 4 kawoutchou 4×4 la pran flit sezon sa devan ekip kapital la. Yo pèdi 3 tit youn dèyè lòt. Twa tit sa yo se:
-Seri Ouvèti a
-Seri Kloti a
-Champion des Champions an (yo pèdi san jwe)

Sèl espwa Baltimore SC se al chache repare erè a sou echèl entènasyonal la paske malgre sa yo kalifye pou Caribean Shield la.

KÒMANTÈ

Nouvo kòmantè

Si ou vle resevwa notifikasyon sou kòmantè sa )

TekEnfo

Solisyon pou tout sa w bezwen nan domèn enfòmatik

Plis detay

RETE ENFÒME

Pa rate nouvèl ak analiz sou foutbòl an Kreyòl gras ak nou