Atakan entènasyonal ayisyèn Melchie Daëlle Dumornay ranpòte jodi lendi an pri meyè jwez Arkema Première Ligue lan pou sezon 2026 lan nan kad seremoni Trophées UNFP yo.
Grenadye an ki te jwe yon wòl kle nan akonplisman OL Lyonnes sou sezon an, finalman rekonpanse avèk jwez epi antrenè yo nan Arkema Première Ligue lan ki chwazi l kòm meyè jwez konpetisyon an.
Avèk 4 gòl epi 7 pas desizif sou 15 match li jwe nan Arkema Première Ligue lan, Melchie Dumornay devanse jwez tankou koyekipye l Tabitha Chawinga epi atakant Paris Saint-Germain an, Romée Leuchter, ki jiskaprezan se meyè bitez chanpyona Frans lan.
Avèk distenksyon sa, Grenadye an konfime pwogresyon li nan jwèt lan ak wòl li anndan ekip OL Lyonnes lan ki pa sispann domine foutbòl fransè an. Melchie Dumornay gen posiblite ale pi lwen toujou avèk final Ligue Des Champions an l gen pou jwe nan mwa me an kont FC Barcelone.
A 22 lane, Melchie Dumornay vini premye ayisyèn ki fini meyè jwez yon chanpyona etranje. Aprè meyè jwez CONCACAF an 2025, meyè jwez Arkema Première Ligue lan pou ane sa, vedèt ayisyèn lan kapab kòmanse reve Balon Dò an k ap parèt posib pi plis chak jou.
Pa rate nouvèl ak analiz sou foutbòl an Kreyòl gras ak nou