Yon bon nouvèl pou foutbòl ayisyen an ki aprann jodi mèkredi an Arcus Carlens pwolonje kontra l avèk Angers SCO pou yon lane anplis. Defansè entènasyonal ayisyen an ap rete nan klèb lan pou jiska ete 2027.
Aprè yon sezon regilye avèk yon seri gwo pèfomans, dirijan Angers SCO yo rekonpanse Arcus Carlens kote yo deside pwolonje avanti sa pou yon lane anplis. Kontra defansè Ayisyen an t ap rive nan bout li 29 jen k ap vini la.
Mwens pase yon mwa avan mondyal la kòmanse, Arcus Carlens deja konnen kote l ap ye sezon k ap vini la. Grenadye an pral konnen yon twazyèm sezon avèk Angers SCO nan Ligue 1 an.
N ap note, defansè ayisyen 28 lane an jwe sezon sa 25 match nan Ligue 1 an, ladan yo 24 kòm titilè. Arcus Carlens te kontribiye nan ede Angers SCO rete nan premye divizyon pou sezon k ap vini an avèk 3 pas desizif li distribiye, san konte apò defansif li pote pou ekip lan.
Sof sipriz, Arcus Carlens ta dwe youn nan 26 Grenadye k ap gen pou reprezante Ayiti nan Mondyal 2026 lan. Seleksyonè nasyonal la, Sébastien Migné, ap gen pou devwale lis li an vandredi sa k ap vini an.
Pa rate nouvèl ak analiz sou foutbòl an Kreyòl gras ak nou