Atakan entènasyonal ayisyen Yassine Fortuné te youn nan gwo atizan viktwa FC Vizela jodi samdi sa nan 33èm epi avan dènye jounen chanpyona dezyèm divizyon Pòtigal la.
Grenadye an ki te titilè nan rankont sa make sèl gòl match la depi nan 12èm minit kont União de Leiria, pou te pèmèt FC Vizela ranpòte yon viktwa 1-0 lakay li.
Avèk realizasyon sa, Yassine Fortuné reyisi twazyèm gòl li nan chanpyona dezyèm divizyon Pòtigal lan pou sezon an, pandan li pwofite pran plis konfyans nan ekip sa ki malerezman pa gen posiblite ankò pou ta monte nan premye divizyon sezon k ap vini.
N ap note, atakan ayisyen 27 lane an te kite plas li nan 80èm minit epi fini meyè jwè match lan. Lòt evènman ki pase nan match lan, Leverton Pierre ki gen lontan l pa jwe nan ekip lan te rantre nan 85èm minit.
Pa rate nouvèl ak analiz sou foutbòl an Kreyòl gras ak nou