ANGLETÈPremierLeagueChampionshipFACupLòt
AKÈY ANGLETÈ PremierLeague

PremierLeague

Michael Carrick pran premye so l nan tèt Manchester United

imaj atik la

05 mas 2026   Benswilkenson Jean   869

Jèn antrenè anglè 44 lane a te ranplase antrenè pòtigè a Ruben Amorim nan tèt ekip anglè pou move rezilta. Nan tèt Reds Devils yo, Michael Carrick te sou 8èm match li jodi a depi l pran tèt ekip la. Sou 8 match sa yo li te deja konnen 7 match san li pa t konnen gou defèt. Li fè premye defèt li (2-1) nan tèt ekip Manchester United la aprè 7 match.


Jodi a nan St. James Park la lakay ekip Newcastle la, li fè premye defèt li 2-1 malgre ekip li a te fini match la ak jwè anplis. Match sa ki te konte pou 29èm jounen Premier League la pa fini ak yon bon gou nan bouch ansyen entènasyonal anglè a.

Michael Carrik ki te pran Manchester United nan yon tou fènwa remete klèb la nan kous pou ta patisipe Champions League sezon 2026-2027 la. Aprè 8 match sou ban Reds Devils yo, Carrick konnen 6 viktwa, yon nil ak yon defèt.

Manchester United nan 3èm plas klasman an ak 51 pwen egzeko ak Aston Villa ki nan 4èm plas la.

KÒMANTÈ

Nouvo kòmantè

Si ou vle resevwa notifikasyon sou kòmantè sa )

TekEnfo

Solisyon pou tout sa w bezwen nan domèn enfòmatik

Plis detay

RETE ENFÒME

Pa rate nouvèl ak analiz sou foutbòl an Kreyòl gras ak nou