Chanpyona nasyonal la tounen ak yon nouvo estrikti ki pi modèn pou sezon 2025-2026 la. LHF divize konpetisyon li òganize a an de (2) seri, epi chak seri gen de (2) faz ki detèmine kalifikasyon ak tit final yo. Men tout detay sou fason chanpyona a fèt.
Pou sezon sa a, LHF deside lanse yon fòma ki pi senp, pi pratik, epi ki nan menm liy ak estrikti lig modèn yo. Konpetisyon an divize an de (2) seri : Seri Ouvèti ak Seri Kloti. Chak seri gen faz preliminè ak faz final, youn depann de lòt.
Nan faz preliminè a, tout ekip yo jwe nan yon sistèm chanpyona klasik, kote yo fè fas youn ak lòt daprè kalandriye ofisyèl la. Nan fen match yo, kat premye nan chak gwoup, Gwoup A ak Gwoup B, ap jwenn tikè yo pou Play-offs yo. Pou sezon sa a, Gwoup B (Gwoup Sid) deja fin fè faz regilye li, pandan Gwoup A (Gwoup Nò) gen kèk match anreta ki dwe jwe anvan yo chwazi kat (4) kalifye final yo.
Faz final la reprezante pati ki pi estratejik nan seri a. La, uit ekip ki soti nan tou de (2) gwoup yo jwe yon mini-chanpyona ale/retou, nan chak gwoup yo sòti. Objektif la se jwenn premye nan chak gwoup, paske se yo ki pral jwe final seri a. Final sa a ap jwe ale ak retou. Moun ki genyen li an ap chanpyon seri a. Chanpyon an ap resevwa 2 500 000 goud, pandan vis-chanpyon an li ap jwenn 1 500 000 goud.
LHF fè konnen pou sezon 2025-2026 la, pa gen okenn ekip ki pral tonbe nan dezyèm divizyon. Desizyon sa a se yon mezi espesyal ki fèt pou estabilize klèb yo ak renouvle estrikti chanpyona a. Yo kontinye itilize règ klasik yo pou pwen : twa pwen pou viktwa, youn pou match nil, epi zewo pou defèt. An ka egalite, yo itilize rezilta nan match dirèk yo pou separe ekip yo.
Estrikti sa a vin mete presyon sou ekip yo pou yo pi regilye, paske chak pwen enpòtan, chak match kapab chanje tout gidon klasman an.
Avèk nouvo estrikti sa a, D1 Ayisyèn nan rantre nan yon faz renouvèlman kote foutbòl lokal vin pran yon lòt nivo. Fòm chanpyona a pèmèt piblik la viv plis tansyon ak plis kalite foutbòl pandan tout sezon an.
Pa rate nouvèl ak analiz sou foutbòl an Kreyòl gras ak nou