Yon bon rezilta pou AS Nancy Lorraine ki fè yon sòti pou yon ti bout tan nan zòn wouj klasman Ligue 2 an gras ak viktwa sa li fè jodi vandredi an kont Clermont Foot (1-0).
Nan okazyon 17èm jounen Ligue 2 an, AS Nancy Lorraine fè yon bèl operasyon lakay li kont Clermont Foot gras ak Jérémy Gélin nan 36èm minit.
Defansè entènasyonal ayisyen an, Martin Expérience, patisipe nan bèl viktwa sa, ki pèmèt nanseyen yo nan 15èm plas la avèk 18 pwen. Grenadye a ki te demare sou bò goch defans Nancy an, te jwe tout match lan.
Yon viktwa ki pote yon ti kras soulajman pou ekip Nancy an ki toujou poko kapab pran fòm kò l depi kòmansman sezon an. Aprè 17 jounen, nanseyen yo gen yon bilan 5 viktwa, 3 match nil epi 9 defèt.
Pa rate nouvèl ak analiz sou foutbòl an Kreyòl gras ak nou